Jesùs Castro Marte ki se pè nan legliz «Notre-Dame de la Altagracía» nan vil Higüey bay pozisyon l jounen jodi samdi 13 avril 2024 la sou akizasyon vyòl ajan imigrasyon yo fè sou ayisyèn 14 lane a, nan zòn Punta cana (Repiblik Dominikèn), selon sa a jounal Listin Diario rapòte.
«Zak sa a vrèman jennen. Diyite ak entegrite yon timoun dwe rete sakre kèlkeswa nasyonalite li. Zak prezime kadejakè yo fè sou ti fi ki gen nasyonalite ayisyèn nan dwe sanksyone. Li dwe sèvi egzanp pou tout moun ki ta vle komèt yon zak wont kon sa a», se sa n ka li sou kont twitter Evèk Castro Marte. Li kontinye pou li ajoute : «Pwoteksyon timoun, kèlkeswa nasyonalite a, se yon obligasyon sakre pou tout otorite. Koz timoun pa zannimo.», toujou selon jounal Listin Diario.
Zak vyòl sa a ki fèt sou ti fi 14 an ki gen nasyonalite ayisyèn nan revòlte divès otorite ak sosyete sivil nan Repiblik Dominikèn. Zak sa a fèt vandredi dènyè kote se yon gwoup ajan direksyon Jeneral Migrasyon ki te fè l nan zòn Punta cana. Pandan tan sa a, DGM fè konnen l ap fè tout enspektè sa yo ki enplike nan zak sa a kanpe travay epi kite yo la pou lajistis fè sa l gen pou l fè a.
«Fòk nou pini zak la, sa k rive ti pitit 14 an yo vyole a dwe sanksyone san paspouki aprè ankèt la», se sa a pè legliz katolik «Notre-Dame La altagracia» ajoute.
Paralèman, anbasadè ayisyen an Repiblik Dominikèn nan di se avèk lapenn li resevwa nouvèl kote ajan imigrasyon vyole yon ti moun 14 an nan vil Higüey, li swete inosan sa a ki viktim zak sa a jwenn jistis.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024