Jounen jodi lendi 23 janvye 2023 a, pòt pawòl lapolis la Garry Desrosiers, te pale nan radyo Magik 9 pou li te ka fè limyè sou zak asasina 3 polisye ak yon lòt ki disparèt nan Petyonvil vandredi 20 janvye ki sot pase a.
Selon Garry Desrosiers :« Bakòp Lapolis (Brigad Entèvansyon an) te nan nan zòn lan, akoz yo t al pote fanmi yo sekou avèk kèk moun nan popilasyon, kote bandi sou lòd Vitelhomme te atake yo.»
3 polisye te mouri, youn te disparèt epi youn te pran bal nan kad entèvansyon sa, kote baz gang Vitelhomme ap dirije a te tann yon anbiskad pou yo nan lokalite Metivè, presizeman komin Petyonvil.
Toujou selon pòt pawòl lapolis lan « se pat yon operasyon planifye, kote te gen tout yon chèn, yon ekstrikti epi yon plan pou sa nan kad operasyon an.»
Garry Desrosiers di polisye sila yo ki mouri nan kad anbiskad gang Vitelhomme lan vandredi 20 janvye a se te yon dividal brav, se sila ki souvan la pou pote sékou avèk moun Petyonvil lè yo an danje.
« Se yon ansanm polisye ki toujou pare pou reyaji lè gen tansyon nan lokalite Petyonvil la», pawòl responsab Kominikasyon Lapolis lan Garry Desrosiers.
Pandan tan sa a, plizyè polisye te vrèman estomake epi menm agrese komisè Petyonvil la, Aladin Jean Louis, aprè lanmò 3 polisye sa yo, akoz li pa te voye ranfò bay yo nan moman sa.
« N ap mande pou tout polisye yo gade trankilite yo fas avèk sitiyasyon sa pou Bandi yo pa pwofite epi kontinye gade vijilans yo», selon pòt pawòl lapolis Garry Desrosiers.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023