Nan yon atik jounal Listín Diario pibliye jodi samedi 17 desanm 2022 a, yo fè konnen sekirite dominiken ki nan sant detansyon Haina a, libere prizonye Ayisyen yo lannuit pou lajan. Daprè temwanyaj jounal la rapòte, yo afime gen temwen ki wè lè sitwayen yo ap sòti nan sant lan.
“Kèk gad tronpe prezidan an, yo libere prizonye Ayisyen yo nan lannuit pou lajan“, se sa yon temwen jounal la ki pote non Pablo de la Cruz deklare pandan li te tou pwofite soulinye pou Listín Diario gen raje gad yo fè prizonye Ayisyen yo pase pou anviwon 10 000 oubyen 20 000 pesos an echanj libète yo.
Nan menm kad dosye sa, pou afime pawòl sila yo, jounal la site kèk lòt temwen ki wè lè prizonye yo ap fè wout la. Yo menm presize nan yon sèl jounen gad yo konn libere 15 moun epi menm gen machin ki al tann kèk nan yo pi douvan pou mennen resòtisan Ayisyen sa yo kote yo vle ale a.
“Gen machin deyò sant la k ap tann yo pou mennen yo kote yo prale a, alòske gen lòt ki konn ap trennen nan wout la“, toujou daprè deklarasyon kèk nan temwen yo.
Pandantan sa, abitan nan zòn sant lan denonse sekirite sa yo ki ap tronpe vijilans prezidan an, yo deklare pou yo di tou, gen kèk Ayisyen san papye ki nan zòn lan k ap viv ak kè poze san ajan imigrasyon pa janm pran yo, ni yo pa anba lalwa otorite migratwa yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022