Ayè vandredi 23 septanm 2022 a, Lutherson Léon, prezidan ak Direktè Jeneral ajans près anliy FOOT KOLE jwenn akreditasyon nan men Federasyon Entènasyonal Foutbòl Amatè (FIFA) pou l al patisipe nan mondyal ki pral òganize nan peyi Qatar. Se yon gran premye pou yon ayisyen depi 1990.
Si ekip ayisyen an p ap gen chans patisipe nan kokennchenn evenman Foutbòl sa pou mwa Novanm 2022 a, men Ayiti ap gen chans prezan atravè Jounalis Ayisyen Lutherson Léon nan koup dimonn sa.
Aprè FIFA te fin analize dosye Lutherson Léon, ki gen 29 an, li te rive seleksyone pou l al patisipe nan konpetisyon prestijye sa. Kidonk, sa pral posibilite pou li kouvri yon pakèt bèl match, Ajantin, Brezil, Bèljik, Lafrans, Pòtigal, elatriye.
Selon deklarasyon Lutherson Léon, PDG, laprès anliy lan, kote li pa te kache kontantman li ak lajwa li: « Mwen santi m trè fyè paske FIFA seleksyone m pou koup dimonn sa, anplis m se premye jounalis ki jui privilèj sa depi an 1982, se yon rèv ki vin reyalite epi yon lonè pou m al reprezante laprès espòtif Ayisyen nan gran evenman sa».
N ap raple Dodley Vincent epi Lutherson Léon, se 2 Jounalis FOOT KOLE ki pral reprezante Ayiti ofisyèlman nan mondyal Qatar 2022, premye an se pral antanke medya volontè pou FIFA epi lòt la se pral antanke grenn Jounalis ayisyen akredite ofisyèlman pou reprezantan Ayiti nan konpetisyon majè sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022