Nan yon nòt Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon an sòti jounen jodi mèkredi 7 desanm 2022 a, li fè konnen okenn chèn televizyon nan peyi Dayiti pa gen otorizasyon pou bay rès mondyal la nan peyi Kata a.
Koupdimonn k ap òganize nan peyi Kata, ki te kòmanse depi 20 novanm k ap fini 18 desanm 2022 a, gen 32 peyi ladan li. Nan faz 1/4 final k ap kòmanse vandredi, Korasi ap jwe ak Brezil, Ajantin ak Lawoland, Lafrans ak Angletè epi Pòtigal ak Mawòk. Nan sans sa a peyi Dayiti pa gen okenn otorizasyon pou li bay match yo ankò akoz yo pa respekte kondisyon ki mande atravè «Verticast Media Group».
Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon (FIFA) di : «li pa te tolere okenn peyi ak enstitisyon ki vyole dwa sa, koz gen anpil mezi jidisyè k ap pran kont sila sa yo pou li defann enterè li yo.»
N ap raple nan jou ki te mèkredi 30 novanm 2022 a, Televizyon Nasyonal Dayiti te pèdi otorizasyon li te genyen pou retransmèt match Koupdimonn Kata 2022 a.
Nan yon nòt VertiCast te pibliye, li fè konnen TNH pa gen dwa retransmèt match akoz yon kontra Televizyon Nasyonal la pa ta respekte.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022