Jounen Jodi jedi 5 janvye 2023 a, Federasyon Pwotestan Dayiti ki se ògann reprezantasyon kil refòm yo, vle fè konnen li vrèman endinye kont deriv ki genyen nan yon legliz ki fè pati kominote pwotestan an, kote pastè Amel Lafleur ap dirije. Enstitisyon sa pale akoz pastè a ta vyole prensip mès, moral, aksyon san pidè, diyite epi vyole dwa moun yo.
Anplis, ògann relijye sa kondane ak tout fòs li mòd ajisman sa ki lakoz gwo tole sou rezo sosyal yo epi ki lakoz move jijman sou legliz pwotestan. Puiske konpòtman sa depaman avèk mesaj levanjil san dekoupe Jezi kri ki se mèt legliz la.
Federasyon Pwotestan Dayiti fè konnen nou pa dwe pran wout eskandal la, paske atitid pastè avèk Amel Lafleur a pa adapte ditou ak tit li pote a.
«Federasyon an pa kache rekonèt pèsonaj la gen nesesite prese, prese pou li wè yon sikològ ki pou ba li swen», selon ògann relijye a.
Diplis, Federasyon Pwotestan Dayiti mande pou minis kil la pran dosye sa anchaj, men san pèdi tan epi aji selon lalwa pou trase bon jan egzanp.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023