Divès òganizasyon politik ak sosyete sivil pa sispann denonse konsèy prezidansyèl Tranzisyon an, menm jan avèk Federasyon Pwotestan Ayisyen d Ayiti (FPH) ki montre klèman dezakò li kont konsèy sa a jounen jodi 27 mas 2024 la, nan yon konferans pou laprès.
«FPH pwofite okazyon sa a pou li manifeste dezakò li avèk lide pou yon konsèy prezidansyèl Tranzisyon 9 manm lan, Federasyon Pwotestan envite popilasyon an pran responsabilite li pandan nou p ap neglije solidarite entènasyonal la, sitou sa yo ki nan enterè pèp Ayisyen an», estrikti evanjelik sa, ki se Federasyon Pwotestan D Ayiti, fè konnen.
Anplis Federasyon Pwotestan an, kontinye pou li di pèp Ayisyen devan konjonkti malouk sa a kote moun ap mouri toupatou nan peyi a, akoz anpil lekòl oblije fèmen pòt yo, biznis moun k ap kraze ak boule, oblije mete tout moun nan kouri.
«Federasyon Pwotestan d Ayiti ki se reprezantan kilt refòme yo prezante senpati bay fanmi tout moun ki viktim yo : kit li pòv kit li rich, kit li legliz, kit li pa legliz paske jodi a pèsonn moun pa epanye», pou ajoute plis Enstans relijye a devan laprès.
Menm jan avèk plizyè pati politik ak jij epi manm nan sosyete sivil la, pou Federasyon Pwotestan d Ayiti se pou yo chwazi premyèman yon jij nan kasasyon pami tout lòt jij yo pou vin prezidan peyi a, dezyèman yon prezidan nan tèt kole avèk tout fòs viv nan peyi an pou chwazi yon premye minis epi dènyèman tout 9 manm non yo site ap fè pati gouvènman inite Nasyonal la.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024