Jounal Miami Herald revele maten mèkredi 6 mas 2024 la Etazini ta ap mete gwo presyon sou do premye minis Ariel Henry pou l demisyone. Selon sa yo di, pandan PM defakto a te nan avyon pou l kase tèt tounen Pòtoriko a, gouvènman Biden nan te mande l pou l aksepte yon lòt gouvènman tranzisyon.
“Avèk gang yo depi kounya ki anvayi Pòtoprens la, tan an te konte. Pandan Ariel te nan vòl la, administrasyon an te mande l pou l aksepte yon gouvènman tranzisyon e pou l demisyone“, se sa jounal ameriken an fè konnen byen bonè maten an kote yo fè konnen jounen ayè a te chaje ak gwo reyinyon pasi pala ki t ap fèt kote sitiyasyon Ayiti a rive depase yo.
Mete sou desizyon Etazini an, peyi ki nan kominote Karayib la(CARICOM) ap mande PM nan pou demisyone tou. Men Miami Herald fè konnen, Ariel Henry te nan kache kay Tonton Sam depi nan wikenn nan kote yo menm ak kèk diplomat dominiken t ap pare pou fè l pase Sendomeng pandan yo te gentan konnen responsab aviyasyon dominiken yo pa t ap kite sa pase konsa.
Pandan chèf gouvènman an t ap tann repons Sendomeng pou aterisaj li a, jounal la fè konprann te gen gwo reyinyon tou sou platfòm zoum ant plizyè dirijan CARICOM avèk 3 ansyen premye minis plis 7 dirijan politik ayisyen. Moun sa yo, selon yo menm t ap diskite sou kijan kriz la ta sipoze jere e yo te menm pale sou koze demisyon PM nan.
Kontrèman ak enfòmasyon ki fè kwè Etazini ta ap ede chèf gouvènman ayisyen an pou l antre nan peyi a, yon responsab konsèy sekirite nasyonal te deklare Miami Herald “administrasyon an pa bay okenn èd pou ede Premye minis la retounen an Ayiti”. Pandan yo soulinye tou, konvèzasyon yo ak Henry se sou nesesite sekirite ki genyen an e yon gouvènman tranzisyon pasifik ki dwe genyen.
Pou kounya, sou demann dirijan CARICOM yo Ariel Henry ta dwe twouve l Jamayik jodi mèkredi a pou anonse akò l sou plan l ak sou posib demisyon l lan. Yo vle pou l anrejistre yon videyo kote l ap anonse fòmasyon gouvènman tranzisyon an, e yon komite prezidansyèl ki ap gen pouvwa pou nome yon premye minis pa enterim.
Boutofen, jounal la di moun ki konnen pawòl ankachèt k ap pale yo di Ariel detèmine pou l antre Ayiti. Sepandan, sekirite l menase anpil.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024