Nan yon kominike anbasad amerikèn mete deyò jounen jodi 13 mas 2024 la, yo fè konnen yo adopte yon mezi pou enpoze restriksyon viza tout sila yo ki nan pratik vwayaj chatè epi fasilite imigrasyon iregilye pou rive lakay yo.
«Peyi Etazini adopte mezi pou l enpoze restriksyon viza kont dirijan konpayi k ap opere vòl chatè k ap fasilite migrasyon iregilyè nan peyi Etazini yo. Mezi sa yo reponn a yon tandans kap miltipliye bò kote konpayi sa yo k ap pwopoze vòl vè Nikaragwa, espesyalman pou migran iregilye yo. Sa yo se premye restriksyon nou enpoze nan kad elajisman politik restriksyon viza nou an nan mwa ki sot pase a», se sa anbasad amerikèn fè konnen nan nòt sila.
Selon eksplikasyon yo bay yo rive pran mezi restriksyon sila se pou konbat ak sible pratik kont tout magouyè konpayi transpò k ap eksplwate milgran vilnerab yo, raketè, fonksyonè piblik ak gouvènman yo.
Anplis, anbasad la kontinye pou l ajoute : “N ap kontinye travay ak gouvènman ki fè pati oubyen ki deyò emisfè oksidantal la, avèk sektè prive a pou rive elimine pratik eksplwatasyon sa yo epi mete anplis, epi mete anplas plis restriksyon viza si sa nesesè”.
N ap raple, peyi Etazini pran desizyon sila akòz plizyè sitwayen ki te itilize vwayaj Nikaragwa pou ale bout Meksik. Yon fason pou yo te ka rantre sou bout tè ameriken an.
“Nou te anonse politik sou restriksyon viza sa yo nan mwa novanm 2023 epi nou te elaji yo nan dat 21 fevriye 2024 ki sot pase la”, toujou daprè nòt la. Sepandan pandan responsab yo nan anbasad la konte koupe viza moun sa yo, gouvènè Florid la li menm, Ron DeSantis deklare depi jodi mèkredi a y ap voye plis pase 250 sòlda, plis elikoptè, avyon, dwon, bato ki pou sekirize kot Florid la. Desizyon sa, se nan lide pou kwape tout ayisyen k ap travèse Etazini sou bato nan fason ilegal.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024