Lopital prive Saint François de Sales ki chita kò li nan ang ri Chareyon ak ri Antèman, gwoup moun yo pa rive idantifye piye epi sakaje plizyè chanm anndan l jounen jodi lendi 4 mas 2024 la. Selon yon videyo k ap sikile sou rezo sosyo yo, endividi yo fè gwo dega nan espas la.
Aprè zak piyaj ki te fèt anndan estad Sylvio Castor a ak okipasyon gwoup bandi yo fè sou espas la, fwa sa se te pral tou pa Lopital Saint François de Sales, kote yo piye divès bagay, kraze pano solè, sakaje biwo yo sa ki fè divès materyèl medikal ak plizyè vit anndan an kraze, pou n site sa yo sèlman.
Anplis plizyè zak piyaj k ap fèt nan moman n ap ekri a sou wout Dèlma a, anpil kout bal ap tire toupatou nan zòn Ayewopò. Kote gwoup gang ak Lapolis kontinye ap afwonte anndan sosyete sila, selon divès videyo k ap sikile.
Pandanstan, gouvènman an fè konnen atravè yon nòt jodi a malgre eta ijans la, tout aktivite dwe toujou fonksyone, presizeman aktivite nan administrasyon piblik ak nan lekòl yo. Poutan, bandi ak gwo zam fannfwa pa sispann sikile sou tout wout kafou Vensan, Bon repo, Kafou Kwadèmisyon ap simen laperèz sou wout yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024