Kèk moun yo pa rive idantifye krible machin jij Jean Wilner Morin ak bal jounen jodi mèkredi 17 me 2023 a, nan zòn wout Frè. Selon enfòmasyon ki disponib yo, jij la ak tout sekirite l ki te nan machin nan sòti vivan nan atak sila.
Jij Morin ki te dwe tande majistra Petyonvil la, Kesner Normil sibi yon gwo atak nèg ak zam jounen jodia, kote endividi yo rive tire sou machin li ki resevwa anviwon 13 bal. Daprè kèk sous nou ta ka fè konfyans, responsab lalwa a te gentan pran refij li nan yon lòt espas toujou nan zòn wout Frè a.
Nan menm kad dosye sa, Rezo Nasyonal Majistra (RENAMAH) a nan yon nòt yo fè sòti, di yo kondane atak ki fèt sou jij la epi pwofite mande ak Lapolis Nasyonal Dayiti ak tout Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, pou yo fè tout mwayen posib pou asire sekirite majistra yo osnon aparèy jidisyè a ap toujou paka byen fonksyone nan peyi an.
«Si sa paka rive fèt lajistis p ap ka fonksyone, nivo kriminalite a ap fenk kare ogmante pirèd nan peyi an» daprè sa prezidan RENAMAH a, Loubens Élysée fè konprann nan nòt sa ki pote siyati li.
N ap raple jij la nan moman an gen plizyè dosye enpòtan ki enplike kèk gwo responsab nan Leta l ap trete. Se nan menm kad sa tou, ansyen direktris Kès Asistans Sosyal(CAS), Edwine Tonton ak ansyen kontab Pierre Richard Valles nan prizon jounen jodia pou koze kòripsyon nan enstitisyon piblik la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023