Pòtoprens, dimanch 25 desanm 2022._ Tout tradisyon yo fin ale! Aprè mondyal 2022 an kote ekip ajantin lan sot leve mas lò a aprè 36 an, popilasyon an retounen nan reyalite ensekirite a, kidnapin, lavi chè ak koripsyon. Pa gen al bwè byè channmas, plas Bwaye ak plas Kalbwa ankò. Pa gen koze tout fanmi an pral pase vakans nan vil pwovens yo ankò, paske bandi bloke wout sid peyi a nan zòn Matisan epi wout Nò a vin enpratikab nan zòn Kanaran.
Kidonk, moun paka sikile jan yo vle pou yo sot nan yon depatman ak yon lòt san riks pou yo pa kontre ak kriminèl sou wout yo. Bandi achte peyi a lajan kontan, yo kontwole tout zòn yo, tout vil yo ak tout enstitisyon yo. Reyalite a se moun ki onèt yo pi plis, men yo pi lach. Nou tout kache anndan kay nou pou fèt la yon fason pou bandi pa leve nou. Se tankou Ayiti tounen pi gwo prizon nan mond lan ki mezire 27mil 750 km2.
Poutan lontan nou pa te bezwen anpil lajan pou nou fete nwèl la, se te yon fèt pataj, lanmou ak solidarite. Popilasyon an pa te bezwen leta pou li dekore zòn li, kote tout moun te konn mete tèt ansanm pou netwaye, dekore epi kreye anbyans.
24 desanm se te sèl jou timoun te ka pran lari epi rantre lè yo vle. Tout kote w te konn pase ou te konn wè abdenwèl, fanal, anpil limyè epi banbòch. Timoun ap limen pidetwal, pete peta, klorat, fedatifis… Men tout sa yo se istwa pase!
Pou kounya se bandi k ap fete sèlman. Nou tout ka wè imaj yo k ap sikile sou rezo sosyal yo. Nan Vilaj Dedye gen gwo pisin, krèy chak wikenn ak anpil lòt banbòch. Gang yo ap bay ti jèn travay maten midi swa sou entènèt la nan figi tout moun. Kòm mizè a rèd deyò a, jèn ti medam Tik Tok yo lage nan voksal ak kriminèl, y ap manje lajan sal, fè cho pou yo, youn monte lòt, youn manje lòt… anpil nan medam yo nan fwote ak gang. Kidonk, li fasil pou yon bon jennjan pran nan pyèj pou peryòd fèt sa.
Kounya èske yon moun ka rele w pou l di w jwaye nwèl nan moman difisil sa? Nan moman sa se 3 oubyen 5 kay ki mete tèt ansanm pou achte yon ti sak diri.
Bagay la grav! Moun paka bwè 2 ou 3 byè ankò paske l ap preskè koute 5000 goud. Avan yon moun ta depanse lajan sa pou kèk gout alkòl, l ap reflechi 100 fwa ak peryòd razè mwa janvye a. Jan mèt André Michel te di l la: “Malere pa nan fèt”, se bandi, sousou ak bwasè sou pouvwa yo ki ka banbile. Se yo ki gen lajan kidnapin, dwòg epi lajan sal nan men yo.
Mesyedam Tèt Kale yo ki sou pouvwa a jwenn sipò kominote entènasyonal la, malgre sitiyasyon a detoryore chak jou pi plis, yo kè kal, yo pa janm souke kò yo pou chanje sitiyasyon peyi a. Tout akò tonbe, Ariel Henry woule tout moun nan farin epi kontinye souse manmèl bèf ak konfyolo li yo. Klas politik la kraze plat, ti rès sena a depatcha paske loksidan akize prezidan Joseph Lambert kòm machan dwòg ak chef gang.
Kanada ap eseye leve pye l, sanksyon sou sanksyon pou politisyen ak biznisman yo. Men tout sa yo se jwèt ti bebe paske yo patisipe nan mete nou la, yo oblije jwenn yon mwayen pou yo ede nou sòti nan labou a. Jiskaprezan anyen poko di sou fòs okipasyon ki ta dwe antre ede nou goumen ak gang yo, amekiken kòm gwo koken ap rale kò li tankou vòlè k ap pase devan komisarya. Se pa 2 chantaj, se pa 2 palab sou dosye Ayiti a, men anyen konkrè pa janm tonbe. Men, pandan tan sa moun nan popilasyon an ap tonbe anba bal bandi kou grenn lapli.
Pou dosye lekòl se yon katastwòf. Ministè edikasyon nasyonal ki anonse ouvèti lekòl la pou 5 septanm 2022 ta pral oblije voye l pou 3 oktòb. Men sa pa te janm rive fèt vre paske pa gen okenn paran ki t ap pran chans fè timoun yo travèse kafou lanmò yo pou yo jwenn moso ledikasyon. Men kèk direktè lekòl ki odas ouvè pòt yo an kachimimi, tout timoun an sivil, yon fason pou sove lajan trimès la. Men ki edikasyon posib? Anpil pwofesè paka vin fè travay yo paske lari a pyeje, anpil paran p ap pran chans… Timoun yo se pi gwo viktim kriz politik sa.
Menm nan tan lagè lespri nwèl la ta dwe vante pou popilasyon an. Nou pa konn ki kote w ye an Ayiti pandan w ap li atik sa, nou pa konnen nan ki blòk ou ye nan 10 depatman prizon sa… men n ap di w pran kouraj, pase tan ak fanmi w ak zanmi w. Pataje lanmou, fè solidarite, pataje manje. Paske nou wè jodia nou pa konnen demen.
Nou pa dwe dekouraje, nou dwe kontinye goumen jiskaske nou kraze prizon 27mil 750 km2… Nou p ap konseye pèp la pou li reziyen li epi priye pou yon fòs sinatirèl vin delivre li, nou pa ka fè sa paske se nou ki pou trase desten nou. “Moun k ap goumen pa konn mouri”.
Menm jan Stanley Georges te chante sa gen plis pase 20 tan, n ap di pèp ayisyen an jwayen nwèl kanmèm epi bon konba!
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022