Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Éditorial

Editoryal: olye yo ede nou bati, yo pito ba nou baryè lib!

Mag Haiti by Mag Haiti
January 26, 2023
in Éditorial
0
Editoryal: olye yo ede nou bati, yo pito ba nou baryè lib!

Pòtoprens jounen madi 22 janvye 2023 a._ Kisa nou te konprann? Sof moun ki pa gen bon konprann ki pral kwè nan fab chwazi blan je vèt k ap mache di yo pral ede Ayiti sòti nan kriz sa. Epi tou se menm yo menm k ap finanse kriz la ankachèt, se menm yo menm ki bay kriminèl ak ensanse pasaj pou antre gwo zam nan peyi Dayiti pou tiye pitit pèp la. Etazini, Kanada, Lafrans, 3 gwo manman penmba, 3 pi gwo fado pou Ayiti. Se tankou 3 bon zanmi ki fè kò sou pi piti, pandan y ap ba li zoklo epi y ap pase karese menm po tèt sa k ap pran zoklo a.

Jwèt diplomatik la bèl anpil, yon jwèt mètdam, yon jwèt koken, yon jwèt tout tivis. Pandan blan meriken fin fè nou tounen popetwèl nan vote kont peyi zanmi nou yo, jodi a y ap rale kò yo chak lè gen yon pwopozisyon pou ede nou sòti nan tou an. Si Tonton Sam pwopoze pou yon fòs Okipasyon antre an Ayiti pou derasinen gang, kòman li fè li pa vle pran responsablite pran tèt lame sa? Pwopozisyon sa gen plis pase 3 mwa sou tab la, tout moun ap rale kò yo tankou chen k ap trennen afè l atè pou bay madichon.

Nou pran nan 3 wa, 3 pè las, 3 zo pwason ki kwoke nan gòj nou an menm tan. Pandan y ap fè bèl literati ak jwèt koken, bandi ak kriminèl san fwa ni lwa ap maspinen pèp la. Semèn ki sot pase a, chèf gang Vitelhomme ak sòlda li yo touye 4 polisye nan yon atak ki te fèt nan komin Petyonvil. Jiskaprezan Lapolis poko janm bay gang sa yon repons ki depase oubyen egal ak zak sa. Poutan nan ane 90 yo, si yon sòlda nan Lame Dayiti ta tonbe nan yon zòn, tout moun t ap oblije nan mawon annatandan ankèt la fin rezoud. Pou kounya jwèt la vire tèt anba, chèf isit pè kou chat aprè chak operasyon yo fin fè.

Bandi 5 segond te masakre 5 polisye nan lane 2021 an, aprè sa chèf gang Izo vin pi atis, moun sou entènèt vin pi renmen l. Li pa jwenn okenn repons, okontrè se negosye gouvènman defakto a negosye ak li pou l remèt yon cha blende li te sezi pandan operasyon sa. Gang Ti Makak la nan laboul 12 te touye epi rache 2 polisye BOID nan 2022 a, yo gen gwo akizasyon kòm gwoup ki ta touye biznisman Éric Jean Baptiste ak plizyè lòt sitwayen ankò. Toujou san repons.

Tout zòn sou tansyon, kidnapin lan tounen anfòs nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Semenn pase a, se lote bandi lote moun k ap pase sou wout Dèlma a ak lòt komin ki kole ak li yo. Jodi madi a nou aprann bandi kidnape istoryen Pierre Buteau nan zòn Tomasen 32. Kounya pa gen zòn Rezidansyèl ankò, pa gen zòn boujwa ak lamas ankò. Ensekirite a rive nan pòt chak sitwayen sou tout teritwa a.

Kòm repons ak tout sa k ap pase sou ti bout tè papa Dessalines lan, gouvènman Joe Biden lan bay anpil moun posiblite pou li antre nan Peyi Etazini san gwo kastèt depi ou reponn ak kritè yo. Depi yon moun gen yon bon esponnsò, sa vle di yon sitwayen Ameriken, yon moun ki gen rezidans oubyen TPS, depi moun sa ap travay, depi li pa nan move zafè, depi li ka pwouve li gen ase mwayen pou l sipòte w… li ka antre w kay Tonton Sam nan kad pwogram imanitè sa k ap resevwa 30 000 benefisyè (pou peyi Kiba, Ayiti, Venezyela, Nikaragwa) pa mwa.

Nouvèl sa fè anpil kè kontan an Ayiti, se wololoy. Imigrasyon debòde tèlman gen demann pou paspò. Konesè fè kenken sou rezo sosyal yo, yo tout te gentan tounen ekspè nan imigrasyon. Atoufè ranje kò yo pou kase ponyèt moun nan pwogram ki gratis sa. Se sèl nou kòm nasyon k ap takse konpatriyòt yo ant 500 ak $2000 pou ranpli yon dosye blan an lage gratis. Sa vle di mal la se nan nou li ye!

Malgre tout vakam sa yo, pèp la pa janm konprann se fonse y ap fonse nou plis nan tou a. Pwogram sa ap rann peyi Dayiti vin pi fèb, paske blan an pa egare, yo pral triye pi bon doktè yo, pi bon pwofesè, enfimyè ak lòt pwofesyonèl yo. Nou pral pèdi anpil nan ti rès polisye ki te onèt yo. Enstitisyon yo pral pi fèb toujou pase jan yo ye la paske anpil gwo kad pral lage pye yo tou.

Nou ka di yo kominote Entènasyonal la rann nou pi fèb, yo mete nou nan pozisyon pou nou paka viv nan pwòp peyi nou. Nan 2 dènye ane ki sot pase yo, yon bon pati nan sa nou rele klas mwayèn lan te gentan al viv nan kache Sendomeng. Yo di malgre se tankou nan prizon yo kay vwazen an, men esperans lavi yo pa planifye pou 24 èd tan ankò. Sa eksplike tou yon bon pati lajan transfè dyaspora nou an al jwenn Sendomeng, paske tout ayisyen k ap fè efò nan lòt peyi etranje prefere voye fanmi yo kay vwazen nou.

Jan nou te toujou di sa avan, si sa kontinye konsa, si Ayisyen pa mete tèt yo ansanm pou jwenn yon solisyon… An 2030 se bandi ak moun ki pa gen mwayen ditou k ap rete nan peyi sa.

Olye blan meriken ede konstui peyi a, batay kont koripsyon ak ensekirite, konstui lekòl, inivèsite ak lopital, yo prefere ba nou baryè lib. Kriz la rete san solisyon an Ayiti, men Biden jere koze vwayaj pa bwa a sou frontyè Meksik la. Nan konsa, pati demokrat la jere eleksyon k ap vini yo epi asire l ap jwenn vòt kominote Ayisyen an.

Nan peyi nou, ti bout tè zansèt yo te goumen pou li an, bagay yo vin pi difisil. Ensekirite, kidnapin, koripsyon, lavi chè ap vale teren. Se mas pèp la ki toujou pi viktim!

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 6,510
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Pierre Buteau, ansyen minis Edikasyon ak istoryen kidnape anndan lakay li nan Tomasen 32

Next Post

La SHHGG exige la libération immédiate de l’historien Pierre Buteau

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
La SHHGG exige la libération immédiate de l’historien Pierre Buteau

La SHHGG exige la libération immédiate de l'historien Pierre Buteau

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,364)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,877)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,983)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,785)

Nouveaux Articles

  • Haïti bénéficiera 283 millions de dollars venant de la Banque interaméricaine de développement
  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?