Saturday, April 1, 2023
  • Login
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Éditorial

Editoryal: nou tout sou lis konplo oubyen bal mawon!

Mag Haiti by Mag Haiti
31 October 2022
in Éditorial
0
Editoryal: nou tout sou lis konplo oubyen bal mawon!
0
SHARES
108
VIEWS
Share on FacebookShare on Twitter

Pòtoprens jou dimanch ki te 30 oktòb 2022 a.- Tout moun sezi aprè nouvèl zak ansasinay ki sot fèt sou binizman Eric Jean Baptiste ak sekirite li nan lannuit 28 oktòb pandan li t ap pase nan zòn Laboul 12 kote gang Ti Makak la achte lajan kontan. Selon fanmi viktim lan machin Eric te blende nan nivo 4 sou 6, sa ki pa te anpeche bal gwo kalib pèse li epi fann fwa tou 2 moun ki te andedan an.

N ap raple tout moun Eric Jean Baptiste te yon gwo antreprenè ki fè non li nan koze aza gras ak biznis bòlèt li ki rele Pè Letènèl Loto. Eric te patisipe nan dènye eleksyon pou pòs prezidan ki te fèt yo nan lane 2015 – 2016 epi aprè li te fin pèdi li t al pran tèt pati politik RDNP (Rassemblement des démocrates nationaux progressistes). Fòk nou di tou, depi aprè eleksyon yo Sitwayen sa ki pa janm kache lanmou li gen pou peyi li, li te tanmen yon gwo mouvman ak fondasyon li ki pote non l anpil kote nan peyi a nan fè sosyal, kote li fouye pi a tezen, repare lekòl ak lopital ki te andomaje epi ede kiltivatè yo.

Anpil moun di se kanpay elektoral li t ap kontinye mennen, pandan li t ap tann lòt eleksyon yo. Gen lòt moun ki di li te gen bon kè epi li se te yon patriyòt ki ta renmen chanje kondisyon moun yo ap viv la. Nou menm nou di okenn Ayisyen pa ta sipoze mouri tankou bèt sovaj konsa nan peyi a!

Gen anpil rimè k ap kouri kòmkwa Eric Jean Baptiste te konn finanse chèf gang Krisla yon fason pou chase gang Ti Makak la nan zòn Laboul, kote ki gen anpil grandon ki rete la. Depi kèk mwa chèf gang Gran Ravin yo enstale nan zòn sa yon nonm ki rele Ti Makak pou toke kòn li ak yon biznisman ki rele Toto ki nan koze bòlèt tou. Èske n ap janm konnen verite sou akizasyon sa? Nou pa rete kwè sa, men sèl sa nou ka di bandi yo p ap goumen pou kont yo anwo a, depi gen batay konnen gen 2 kan ki paka antann yo.

Nou dakò tou gen anpil enfliyansè ak jounalis Facebook-Youtube k ap fè sansasyon epi antre 17 longè nan dosye yo pa konnen pou yo ka sove 2 oubyen 3 santim pou chak moun ki vizite paj yo. Nou menm pozisyon nou klè sou sa, moun sa yo reprezante plis yon danje pase bandi ak zam yo. Paske y ap manipile mas pèp la jan yo vle, mete deziyon ak latroublay epi genyen menm ki nan kòkòt ak figawo ak gang yo.

Nou remake tankou tout moun yon videyo k ap sikile kote yon animatè ki rele Esaü César nan emisyon « Matin Débat » ki fèt sou « Radio Télé Eclair », li te vlope kò l ak yon gwo dra wouj, mare tèt li ak mouchwa mistik epi pale sou konplo sa ki te marinen sou tèt antreprenè a. Li te di a klè: « Gason m Erick Jean Baptiste, gwo konplo nan bouda gason an yo pral touye l anwo a ». Kidonk, nou an 2022 nou paka kwè nan koze mistik ak pwofesi pou yon gwo zak asasinay konsa. Lajistis dwe fouye zo nan kalalou epi poze animatè sa yo anpil kesyon pou yo di tout verite yo san laloz, san vire anwon.

Anplis, lajistis dwe fè travay li tou sou dosye menm animatè sa ki rele Esaü César ki kraze tout figi madanm li epi ki pran mikwo aprè sa kòm si son pratik ki nòmal pou fè vyolans sou fanm. Nou wè foto yo, nou wè nivo vyolans lan, se sèl an Ayiti pou yon moun ki fin fè yon zak malonèt konsa epi pou li jwenn pèmisyon pou li pale nan figi moun. Nou menm nou denonse sa epi nou mande jistis ak reparasyon pou fanm sa, pinisyon pou bouwo sa tou.

N ap fè tout moun sonje se nan gè sa 2 jounalis te mouri nan mwa janvye ki sot pase la, 2 jèn gason ki te rele Wilguens Louissaint ak Amady John Wesley, anplis te gen yon 3èm ki te lage pye l nan moman an pou sove lavi l nan gè Laboul la. Jiskaprezan anyen poko di sou dosye sa, lapolis ak lajistis poko di si se gang Ti Makak la ki te tiye yo oubyen si se mesye Toto yo (gang oubyen mèsenè) ki te fè zak sa.

Se menm gang Ti Makak sa tou ki te touye epi rache 3 polisye nan dat 13 septanm 2022 ki sot pase la, pandan yon operasyon PNH la t ap fè pou eseye derasinen bandi sa yo. Kriminèl yo tèlman alèz, aprè yo fin fè gwosè zak sa yo, yo fè videyo kadav yo, epi simaye l sou tout rezo sosyal yo.

Jiskaprezan PNH la poko janm bay yon repons ak aksyon sa, menm jan yo poko janm bay gang Vilaj Dedye yo monnen pyès yo aprè Chèf gang Izo ak Manno te fin touye 5 polisye nan yon operasyon ki te fèt nan mwa mas 2021 an.

Peyi a vann bay gang. Jan Eric Jean Baptiste te di sou Twitè kèk jou avan li mouri: « Esperans vi ayisyen k ap viv Ayiti pa depase 24 èd tan ».

Sa vle di nou pa ta sipoze fè pwojè ki depase yon jounen paske a nenpòt ki moman ou ka tonbe anba bal mawon oubyen moun ki pa renmen w ki voye tire w. 11 milyon Ayisyen, 11 milyon sèkèy, 11 milyon katouch… youn pou nou chak. Men ak kisa lavi nou redui.

Poutan, nou te ka evite tout sa yo si se pa te enterè klan dirijan yo ta jere. Nou ta ka gentan frennen Ti Makak nan Laboul, nou ta ka pran bon jan mezi pou anpeche gang kanaran anvayi antre nan Nò peyi a. Si te gen volonte nou te ka debloke antre sid peyi a anba men chèf gang Izo, Manno, Ti Lapli ak Bougòy.

Nou te ka libere zòn Tòsèl anba presyon chèf gang Vitelòm, nou te ka libere kwadèboukè anba men 400 Mawozo, nou te ka libere zòn G9 ak G-pèp ap kontwole yo.

Men, se pa pwoblèm peyi a ki nan tèt Ariel Henry ak rès pa itil ki fè pati gouvènman defakto a. Dayè nou konstate a klè yo fin monte gaz la men wotè, yo konnen se yon move desizyon yo kanpe dèyè li. Peyi a bloke depi 2 mwa, anyen paka fonksyone, lekòl tipa tipa a kanpe sou plas, moun paka manje, moun paka sikile, elatriye Se sa ki rele kawo ak anachi !

Nou menm nou la, n ap suiv kominote entènasyonal la k ap fè fo fim sou dosye voye fòs militè an Ayiti pou retabli lòd. N ap tann lè pèp la deside frape pye l atè pou di fòk sa chanje. Nou toujou gen espwa, nou p ap dekouraje, nou toujou kwè nan jenès peyi a, nan fanm ak gason ki sèmante yo p ap kite peyi a epi kanpe batay jiskobou.

Nou paka desann pi ba pase sa!

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 3,255
Tags: 400 MawozoAriel HenryAsasinayAyitiBandiBòlètensekiriteEric Jean BaptisteG-PèpG9Ganggouvènman desaktoIzoKanaranKidnapinKris LaLaboulLaboule 12LoniMatisanPè LetènèlTi LapliTi MakakToto BòlètVilaj Dedye
Previous Post

Un journaliste décède après avoir été blessé par une bombe lacrymogène

Next Post

OPC kondane zak ansasinay ki fèt sou Éric Jean-Baptiste

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti est un média en ligne qui a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
OPC kondane zak ansasinay ki fèt sou Éric Jean-Baptiste

OPC kondane zak ansasinay ki fèt sou Éric Jean-Baptiste

Discussion about this post

Suivez-nous

Articles populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • « Il est impossible d’éduquer un peuple dans une langue qu’il ne parle pas », dixit Michel DeGraff

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Les 10 jeunes haïtiens les plus influents en 2021

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Une erreur de la DCPJ affecte gravement la vie du professeur Auriole Antoine

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Blondedy Ferdinand : accusée d’avoir volée la chanson de Karol G

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

A propos

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production. La société a pour mission de former et d’informer la population. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, nous avons pour objectif essentiel de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Recent News

Ariel Henry enfòme moun pral ka pran randevou anliy pou demann paspò ak Kat idantite

Ariel Henry enfòme moun pral ka pran randevou anliy pou demann paspò ak Kat idantite

1 April 2023
Prezidan RANAMSAP la denonse gouvènman an ki pa amelyore lavi madan Sara yo

Prezidan RANAMSAP la denonse gouvènman an ki pa amelyore lavi madan Sara yo

1 April 2023
Nouvo masak nan Bèlè : Gwo akizasyon peze sou do lapolis ak gang G9 an fanmi e alye

Nouvo masak nan Bèlè : Gwo akizasyon peze sou do lapolis ak gang G9 an fanmi e alye

31 March 2023

RSS T-check Haiti

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert
  • Désintox : non, La Cour suprême des États-Unis n’a pas annulé la vaccination universelle
  • Désintox: pas de preuve pour certifier que Robert Harry Bretous est toujours vivant
  • Accueil
  • Politique
  • Société
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact

Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI © 2023

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact

Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI © 2023

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In