Pòtoprens, jou ki te 15 septanm 2022 an._ Nan yon nòt ki sòti pandan semèn sa, anbasad Ameriken te fè konnen li « kondane ak tout fòs li zak vyolans ak piyaj epi zak destriksyon ki fèt nan dènyè jou sa yo nan peyi Dayiti, poutan tout moun ka wè evènman sa yo se nan enterè pèsonèl li yo ye ». Se sa moun ki rele tèt yo bon zanmi yo oswa bon zanmi Ayiti yo jwenn pou yo di sèlman, san yo pa kondane zak maspinay gouvènman defakto a ap fè sou pèp la, pandan yo deside monte pri gaz la tèt nèg pou foure pitit soyèt yo pi mal nan mizè.
Kèk jou aprè sòti krab anbasad Ameriken an, asistan prezidan Joe Biden lan ki rele Juan Sebastian Gonzalez, fè konnen « Tout mouvman k ap fèt nan peyi Dayiti yo se gwo zouzoun ak moun k ap viv nan peyi etranje k ap sipòte yo ». Si nou ta eseye entèprete sa asistan Biden lan deklare a, se tankou li vle fè kwè tout bagay ap mache byen nan peyi a, pa gen lamizè vre, gang p ap kontwole chak katye vre, gaz la ki monte a nòmal, paske pèp la gen mwayen nan men li. Anplis, tout timoun al lekòl, pa gen chomaj ak pri lamanjay bese plat atè.
Kidonk, blan je vèt yo ba nou yon modèl demokrasi ki santi di pase lafyant epi y ap fòse nou bouche nen nou pou nou vale l. Pito bagay yo te fasil konsa.
Si nou fè yon ti kout pye nan listwa relasyon peyi Dayiti ak Etazini, tout moun ki gen bon konprann ap reyalize kolon meriken yo sakaje nasyon nou an menm jan ak kolon fransè yo. San nou p ap antre nan twòp detay sou okipasyon Ameriken ki te kòmanse 28 jiyè 1915 pou fini 1e Dawout 1934, kote yon dividal sòlda Ameriken san fwa ni lwa te fè pèp ayisyen an monte lesyèl pa do sou lòd prezidan Woodrow Wilson.
Nou dwe fè listwa, nou dwe rakonte timoun nou yo kijan sòlda Ameriken yo te rasis, kijan yo te trete pèp ayisyen an kou wè bèt, yo te maltrete nou, imilye nou epi vòlè tout ti rès rezèv nan peyi a. Moun ki t ap reziste ki te rele “Kako“, Ameriken yo te pran yo pou lennmi yo. Gen anpil masak ki te konn fèt sou moun k ap manifeste kont prezans sòlda Ameriken, ki pa te konn pran tan pou yo simaye katouch sou manifestan yo ki te san defans. Erezman te toujou gen gason ak fanm kanson ki pa te janm pè kanpe goumen.
Nan sans sa, nou paka bliye yon ewo nasyonal tankou Charlemagne Peralte, ki t ap dirije yon gwoup ki te gen 5000 moun ki te pran zam kont okipasyon Ameriken an, menmsi fòs yo pa te egal. Nou pa dwe bliye tou yon vanyan gason tankou Benoît Batraville, li menm ak Charlemagne Peralte ki te planifye atak kont Pòtoprens pou eseye chase vèmin sa ki t ap maltrete ti pèp sa. Ayibobo pou kako yo, nou site non yo nou pa detounen yo.
Si nou fè yon kout pye an 1994 kote blan Ameriken te retounen ak Jean Bertrand Aristide sou pouvwa a epi demobilize lame Dayiti a aprè kèk mwa. Paske, yo te kwè se sòlda yo ki te sous enstabilite politik nan peyi a. Men fòk nou di tou blan Ameriken te toujou ap manipile gwo tèt ki nan lame yo, yo te toujou gen moun pa yo kòm espyon nan lame a. Anpil wo grade ki te patisipe nan koudeta 90 lan te pase nan lekòl militè Ameriken, genyen ki te nan « CIA » tou, pou nou site kòm egzanp: jeneral Cédras daprè yon rapò sèvis siveyans Ameriken ki te youn nan pi gwo toutè Etazini.
Kraze lame a gen anpil konsekans negatif sou peyi a. Sa lakoz pa gen yon kò ki gen bon jan materyèl ki fè bandi anvayi peyi a konsa. Lapolis Nasyonal Dayiti pa gen ase mwayen pou goumen ak teworis sa yo, pa egzanp se yon kò tankou leyopa pou nou ta deplwaye Vilaj Dedye ak Gran Ravin pou ta debarase nou sanzave ak zam ilegal k ap bay panik nan kapital la.
Poutan tonton Sam fin kraze lame nou an, li lage nou 2 bra balanse ak yon lapolis ki pa byen fòme epi ki chaje bandi ki al kache nan enstitisyon sa. Yo ba nou anbago sou koze zam ak minisyon, tankou Etazini ki kanpe ankwa pou Ayiti pa achte gwo zam lagè, menm pou li ekipe fòs legal yo, tankou PNH ak Fòs lame Dayiti (FAD’H).
Poutan, se prèske chak semèn zam ilegal ap antre an Ayiti sou konntènè k ap sòti peyi Etazini. Zam ak katouch yo kache Anndan machinn, nan sak diri, nan gwo bwat katon ki gen pèpè ak lòt ranstay ankò. Tout zam ak minisyon sa yo se bandi y al jwenn pou touye pitit pèp la. Sa vle di Etazini se pi gwo aktè k ap finanse ensekirite a ak kidnapin lan an Ayiti. Pa gen deba sou sa!
Pou nou tounen nan sijè a, peyi Etazini te toujou kanpe kont enterè mas popilè a epi li montre sa ak klè pandan 12 dènye lane ki sot pase la yo. San nou p ap pale jan ansyen prezidan Bill Clinton te gagote lajan èd viktim goudougoudou yo, nou pa dwe janm bliye jou ki te 8 mas 2012 nan kad yon konferans pou laprès ki te fèt nan palè nasyonal, kijan anbasad Ameriken Kenneth Merten te vin pran defans prezidan Michel Joseph Martelly. Li te deklare Martelly pa gen nasyonalite Ameriken, yon fason pou li sove po lidè PHTK a, pandan palmantè yo te vle fòse li demisyone.
Etazini pa te janm pran pozisyon klè tou alepòk defen Jovenel Moise t ap eseye retabli diktati nan peyi a. Masak sou masak, deriv sou deriv, rejim Tèt Kale an pa fè eleksyon, yo kraze palman, yo mete lakoudèkont sou kote epi yo t ap eseye chanje konstitisyon an, elatriye. Anbasad Ameriken te toujou ap sipòte moun sa yo epi li te toujou kanpe avèk yo pandan li mete an gwo ponyèt Ariel Henry nan tèt primati a.
Ki enterè blan Ameriken gen nan moun sa yo? Ebyen Ameriken toujou renmen fè afè ak moun ki pa dwat, yon fason pou yo rale dosye w nenpòt lè pou yo ka manipile w. Depi lè rejim Tèt Kale a pran pouvwa a, tout vòt Ayiti yo toujou ale anfavè Etazini nan gwo rankont diplomatik, tankou « ONU » ak « OEA ». Nou toujou vote nan enterè Tonton Sam, nou menm vote kont bon zanmi nou Venezyela. Bagay la grav, nou retounen nan lojik esklav salon an.
Etazini vle montre li se zanmi nou, men li pa renmen nou, li pa twò bezwen nou. Anplis, sa k ap pase nan peyi a pa enterese l. An nou raple dosye imagran ayisyen yo ki t al kache anba pon «Del Rey» la, nan eta «Texas» nan mwa septanm 2021 an. Pou pi piti 30.000 moun pi fò ladan yo se te Ayisyen ki t ap eseye antre kay Tonton Sam pou y al chèche lavi miyò, paske yo te pran nan yon move nouvèl sou rezo sosyal yo ki te fè yo kwè y ap benefisye « TPS ». Ebyen Joe Biden mete l dakò ak premye minis defakto Ariel Henry, li depòte moun sa yo san li pa te ba yo posiblite pou yo mande azil politik.
Yo te pran desizyon sa nan yon kontèks politik ki te difisil anpil, aprè mafya te fin asasinen prezidan Jovenel Moise, ensekirite, kidnapin, lavi chè, chomaj t ap taye banda isit, elatriye. Alòske otorite ameriken yo te konnen se abse yo t ap mete sou klou a.
Men blan renmen blan parèy yo, blan toujou pare pou ede blan parèy yo. Nou pa rasis, nou pa ekstremis, men se done yo k ap pale. Selon medya Ameriken yo, administrasyon Joe Biden lan ap prepare yon gwo pwogram la pou akeyi 100.000 imigran k ap sòti nan peyi Ikrenn ak pare pou l bay 1 milya dola pou lòt peyi ki ede yo nan jou k ap vini yo.
Nan mwa dawout 2021, aprè Ameriken te deside kanpe yon lagè ki te dire 20 tan nan peyi Afganistan, lame Ameriken te ede plis pase 123 000 moun sove kite peyi sa. Pou mwa septanm 2022 an, otorite Ameriken yo aksepte 78 000 imigran Afganistan lakay yo. Eta «Texas» pou kò li te resevwa 10 500 afganistan, se nan menm eta «Texas» polisye Ameriken ki te sou cheval te resevwa ayisyen ak kout fwèt kach, pandan yo t ap eseye jwenn lamanjay anba pon an. Blan kore blan, anyen p ap chanje.
Sa se youn nan desizyon ki pi rasis nan syèk la, puiske li pa gen lòt non.
Si nou fè yon ti lojik n ap wè peyi Etazini pa janm ba nou sipò vre ki ede nou avanse. Chak ane anbasad Ameriken toujou fè kado kèk bous nan yon pwogram ki rele Fulbright, jamè yo p ap konstwi yon grenn inivèsite fè nou kado. Chak ane ou tande tonton Sam bay peyi Dayiti plizyè milyon dola èd, men lajan sa yo pa janm rive jwenn sa ki pi nan bezwen yo, se lajan pou dirijan yo gagote. Poukisa anbasad la pa deside konstrui plizyè kilomèt wout pou nou, bati kèk santral elektrik, konstrui kèk gwo lopital ki byen ekipe?
Li lè li tan pou peyi Dayiti vire je gade vrè zanmi l yo, zanmi istorik li yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022