Plis pase 2 semèn aprè dife pran nan Forè dèpen ak yon pati nan Pik Makaya, responsab Fondasyon Rebwazman ak Ledikasyon, Jean Robert Sultan deklare gen 119 ekta tè ki pase anba flanm dife.
Imaj yo pa sipann fè ale vini sou rezo sosyal yo, kote dife eklate nan Pik Makaya ak nan Forè dèpen ki chita kò yo nan sid peyi a. Anpil dega gentan fèt, men ankèt yo ap pousuiv poko gen bon jan rezilta ki bay bò kote responsab yo.
“Nan mwens yon semèn nou pèdi 119 ekta tè nan yon blòk, ayè ankò gen 4 pwen ki pran dife. Inite 2 a boule nèt, rivyè yo sèch”, daprè sa Jean Robert Sultan te deklare sou Panèl Magik9.
Paralèlman, nan jou pase yo Ajans Nasyonal pou Pwoteksyon Lè (ANAP) te founi kèk eksplikasyon ak sa k ap pase nan pi gwo espas vèt nou an. Dife sa ki pran nan Forè a se ta kèk endividi malveyan ki pwofite sezon sechrès la pou mete l nan espas yo, se sa responsab ANAP yo te di.
Nan sans sa, responsab la fè konnen fòk gen aksyon ki pou poze pou n pa pèdi patrimwan sa nou genyen an. Li fè konnen tou, malgre tout dega ki gentan fèt ajan Brigad Siveyans pou Pwoteksyon Lè yo(BSAP) ap travay lannuit kou lajounen pou evite plis dega, epi etèn dife a nan jan yo kapab.
Photo: Anmwe News
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post