Nan sitiyasyon kriz peyi a ap konnen an, plizyè pèsonalite piblik, aktè politik epi òganizasyon lokal pa sispann plase mo pa yo sou kòman ak ki fason pou sa a ta rive rezoud.
Ansyen diplomat nan Nasyonzini te pral di nan yon entèvyou jounen mèkredi 20 mas 2024 la, sou Radyo Karayib : «Moïse Jean Charles konnen bagay sa l ap klewonnen an pa pral okenn kote, si l ta gen konseye, li ta dwe konnen konstitisyon an nan atik 149, li konn ap klewonnen an retire kou kasasyon nan konsèy prezidansyèl la. Kidonk fòk nou retire pouvwa jidisyè nou an nan koze politik, se vrèman yon move bagay», se sa a Pierre Antoine Louis deklare.
Pati Pitit Desalin ak Revèy Nasyonal chwazi pwopoze 3 manm pou ki ta fè pati manm konsèy prezidansyèl la kòm pwopozisyon se Guy Philippe ak jij kasasyon an kòm reprezantan pou mennen bak peyi a nan lide pou sòti peyi a nan sa li ye a.
Pandanstan ansyen diplomat Nasyonzini, Pierre Antoine Louis, avoka epi ansyen travayè kòm Defans dwa moun an Ayiti te pral ajoute pou li di : «Nou dwe retire pouvwa jidisyè nou an nan lòbèy k ap fèt la, kote opozisyon an toujou mete yo nan demach politik ki pa janm abouti.», li avanse pou l di gen jij ki t ale peyi Etazini epi jwenn nan depatman Deta pou te ranplase Jovenel Moïse, anplis sa ki t ap planifye koudeta. Se yon move bagay lè n foure yo nan koze politik nou.
Sou lòtbò kominote Karayib (CARICOM) ak patnè li yo pa sispann jwe medyasyon nan sòti kriz peyi a, kote li prevwa enstale 6 manm konsèy prezidansyèl ak 2 manm obsèvatè pou penmèt sòti kriz la nan jou k ap vini la yo. Ansyen diplomat Ayisyen an nan Nasyonzini te pral kontinye pou li di :
«CARICOM jis ap fasilite tach la, Ayisyen pa vle antann yo sou anyen, menm pou dezinyen moun pouki fè pati konsèy la, sitou Akò 21 Desanm. Gade byen n ap wè pitit Desalin te fin Dakò, men y ap jwe yon jwèt politik yo panse ki popilè, chèche yon fason pou li retire kò l ladan l. Si sa a ta pase mal, pou li ka di l pat nan bagay sa a.»
Boutofen, diplomat la rekonèt volonte ki gen kote CARICOM pou fasilite tach la nan sitiyasyon enposib nou ye a, pandan li fè konnen li ekstrèman difil pou n konprann epistemoloji Ayisyen nan fason yo konpòte yo, nan mawonaj Ayisyen. Puiske se pa CARICOM pou moun yo t ap tann ki pou te vin ede nou.
«La charité bien ordonnée, commence par soi-même.»
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024