Nan kad operasyon Lapolis te menne ayè madi a, responsab yo nan lapolis la anonse jodi mèkredi 3 avril 2024 la, chèf gang Site Doudoun nan mouri nan afwontman ak yo. Mete sou sa a, yo fè konnen yo rekipere kèk materyèl tou nan operasyon sa yo te fè nan zòn Petyonvil.
«Chèf gang Site Doudoun nan, nan komin Kwadèboukè moun konnen sou non “New York New York”, tonbe nan echanj kout zam ak lapolis madi 2 avril la nan kad operasyon yo k ap kontinye pou kwape bandi», daprè sa a responsab kominikasyon lapolis la fè konnen jodi a.
Yon lòt kote, yo di tou nan komin Petyonvil polisye ki fè pati Inite Tanporè Anti Gang (UTAG) yo te rive sezi yon fizi daso epi plizyè katouch. Yo rekipere ekipman sa yo se nan menm afwontman sa ki te gen ant lapolis ak gwoup ame chèf gang Vitelhomme Innocent ap dirije a.
Pou kounya, nan divès operasyon lapolis mennen yo gentan gen 3 chèf gang ki tonbe anplis lòt manm gang yo. Ti Greg, Mackandal ak New York New York se non sila yo ki mouri yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024