Plizyè nèg ak zam t ap eseye antre kay Xavier Seïde k ap dirije Brigad Entèvansyon Motorize(BIM) nan lannuit jedi 9 pou rive vandredi 10 mas 2023 a, nan komin Tomasen.
Xavier Seïde ak sekirite li te rive touye plizyè prezime bandi nan echanj kout zam avèk yo. Plizyè imaj ap sikile sou rezo sosyal yo, kote y ap montre kò jèn gason yo kouche ap benyen nan san.
Paralèlman, prezime kidnapè yo te gentan touye chen k ap siveye lakay chèf BIM lan nan kad operasyon yo te vinn tante mennen an. N ap raple nan dat 2 mas 2023 a, nèg ak zam te atake epi krible machin komisè Prensipal Komisarya Pòtoprens lan Lucner Dumond, nan zòn kanapevè, kote li te resevwa kèk bal, men li pa te mouri.
Photo: infos à la une
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023