Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

BSA denonse vyolasyon akò yo ki fèt anndan konsèy la pou divès chwa ki apèn fèt yo

Mag Haiti by Mag Haiti
April 30, 2024
in Politique
0

Nan yon nòt Biwo Suivi Akò Montana mete deyò jounen jodi madi 30 avril 2024 la, ekstrikti a denonse kout mal taye ki fèt anndan konsèy sila. Yo fè deklarasyon sila nan yon nòt yo sòti aprè chwa reprezantan Kolektif 30 janvye a, Edgar Leblanc fils kòm prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.

“4 sektè anndan Konsèy prezidansyèl la konplote sou do popilasyon an nan mitan lannuit lendi 29 pou rive madi 30 avril 2024 la”, se sa Biwo Suivi Akò Montana a ekri nan yon nòt, aprè jounen sa ki bay prezidan Konsèy la ak premye minis peyi a.

Tandiske divès pati ak ekstrikti politik salye chwa Edgar Leblanc fils kòm prezidan konsèy la, BSA li menm sou bò pa li denonse vyolasyon akò politik ki te siyen 3 avril la ak tout pwojè dekrè kreyasyon, epi òganizasyon ak fonksyonman konsèy la. nan estrikti ki bat bravo yo nou jwenn Pwotokòl 17 Oktòb, Òganizasyon Pèp k ap lite(OPL), Rezo Nasyonal tèt kale, elatriye.

“Lè yo nonmen pou kont yo, san chèche konsansis ki se premye demach ki dwe fèt la, san aksepte prensip vòt, kidonk san eleksyon, yo nonmen yon kòdonatè konsèy la, yon premye minis ak tout gouvènman yo, san respekte mekanis patisipatif yo te siyen an”, ajoute Biwo Suivi Akò Montana nan nòt denonsyasyon li an.

BSA se premye ògan ki te prevwa yon Akò nan pespektif pou te mete kanpe yon konsèy prezidansyèl tranzisyon ak ògan kontwòl tranzisyon nan tèt peyi a. Men jounen jodi a, se yo menm k ap denonse vyolasyon ki ta fèt nan konsèy prezidansyèl sila, kòmkwa fòs politik ak ekonomik yo deside fòk yo pran kontwòl konsèy prezidansyèl la ak gouvènman an pou yo ka kontinye peze souse nan leta a.

Pou fini, responsab akò Montana yo envite tout aktè ki pran move wout yo pou yo resezi yo. E yo mande tou, pou yo antre nan konsètasyon pou pran tèt frèt desizyon ki ap nan enterè peyi a.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 790
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Divès antite salye chwa Edgar Leblanc Fils kòm prezidan Konsèy Prezidansyèl la

Next Post

Prezidan kolonbyen an fè konnen li pèdi plizyè bal ki ta gentan ateri Ayiti

Mag Haiti

Mag Haiti

Next Post
Prezidan kolonbyen an fè konnen li pèdi plizyè bal ki ta gentan ateri Ayiti

Prezidan kolonbyen an fè konnen li pèdi plizyè bal ki ta gentan ateri Ayiti

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,425)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,911)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,015)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,810)

Nouveaux Articles

  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out
  • « Inisyativ 24 avril 2025 » deklare aprè 7 fevriye se nan kou kasasyon nouvo dirijan peyi a ap sòti
  • Dosye Jovenel Moïse : Lakou dapèl envite Martine Moïse ak plizyè lòt pèsonalite pou tande yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?