Nan dat madi 25 jiyè 2023 a lapolis te anonse Bourik Delatalay ak 5 lòt moun jwenn arestasyon paske yo ta manm gang 5 segonn nan Vilaj Dedye. Jodi mèkredi 9 dawout la, 6 mesye sa yo jwenn liberasyon yo selon jounalis Marc Guerson Philistin k ap travay pou Radyo Televizyon Karayib.
Atis Bourik Delatalay ak Pèkitan se pami moun lapolis libere jodi a aprè yo finn pase 15 jou nan prizon. Depi anviwon 2 semèn, arestasyon mesye sa yo te fè anpil pale sou entènèt la. Anpil atis te pwofite mande pou libere Bourik Delatalay.
“Nan moman arestasyon an moun sa yo te dwe ale Vilaj Dedye pou yo te ka al fè videyo“, se sa Polis nan peyi Dayiti te di nan kad arestasyon mesye yo. Ayè madi 8 dawout la, moun sa yo te rive ale nan Pakè pou konnen ki santans yo. Malgre tout sa lapolis te di, 6 mesye sa yo rive libere.
6 moun ki te jwenn arestasyon yo se Kernizan Wilkinson alyas Bourik, Fatal Guerson, Lestin Garlynsky, Juste Ismitchel, François Ricky Butervens ak Edmond Gesnelson Junior.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023