Nan yon kominike responsab Elektrisite Deta Dayiti (EDH) mete deyò ayè dimanch 17 mas 2024, li fè konnen avèk gran piblik la an jeneral epi ak abòne li yo, enstitisyon an pa epanye avèk zak piyaj epi panik banditis la. Se pou sa yo fè konprann gen 4 nan lokal EDH yo endividi ak zam piye ak sakaje, yo sitiyasyon ki agrave plis sitiyasyon finansyè ak teknik antrepriz la.
Anplis, 4 sou estasyon nan zòn Metwopolitèn nan yo atake Santral vare a tou kote yo te rive kraze epi rann li pa fonksyonèl ankò. Kòm konsekans, zòn ki lye ak kote sa yo p ap kapab alimante jan sa te konn ye, pou fè mansyon nan nòt sila.
Pami zòn sa yo nou jwenn: Kwabosal, Wout Nasyonal # 1, Boulva 15 Oktòb, Site Solèy, Wout Ayewopò, Vilaj Solidarite, kwadèboukè, Bedè, Tomazo, Wout Malpas, Fon Parizyen, Plas Jeremi, Avni Maglwa Anbwàz, Jan Filip, Monseyè Giyou, Wout dal, Foucha, Savann Pistach, Fò Mèkredi, Boulva Maren, Santo, Kwadèmisyon, Lizon, Bon repo, Lilavwa, Wo Taba, antre anbasad Etazini, Lopital «Petit frères et sœurs» epi lòt zòn touprè li yo.
Bandi yo vòlè yon latriye dokiman enpòtan, enstalasyon elektrik, divès kab, plizyè invètè, plizyè batri epi materyèl enfòmatik ak biwotik.
Pou fini, EDH fè konprann”Toutfwa direksyon Jeneral, renouvle tout angajman pandan l ap kontinye sèvi kliyan li yo, men rele anmwey kote otorite konsène yo pou sekirize tout sit yo ki nan peyi a”.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024