Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Bandi ak zam touye 2 misyonè Ameriken ak yon Ayisyen nan zòn Lizon

Mag Haiti by Mag Haiti
May 24, 2024
in Société
0
Bandi ak zam touye 2 misyonè Ameriken ak yon Ayisyen nan zòn Lizon

Bandi ak zam nan laplèn touye, jedi 24 me 2024 la, 2 misyonè Ameriken ak 1 Ayisyen, nan lokalite Lizon aprè yo te fin pran yo nan yon anbiskad.

Nouvèl trajik sa a te frape fanmi reprezantan eta Missouri a Ben Baker ki se depite nan eta Ameriken an. Bandi ak zam an Ayiti touye pitit fi l ak bofi li ki te 2 misyonè nan peyi isit la.

«Non viktim yo se Natalie Lloyd, Davy Lloyd epi Jude Lloyd ki se Ayisyen an», selon sa Mission In Haïti rapòte sou paj Facebook li.

Misyonè sa yo se responsab misyon ki pote non «House of Compassion» ki twouve kò li nan lokalite Lizon. Anplis, misyon sa a ofri plizyè sèvis tankou ede moun ak ofri ti moun moso edikasyon puiske yo gen legliz ak lekòl ladan li tou.

Bandi ak zam ta pral atake yo nan lannuit mèkredi 22 me ki sot pase a pandan yo t ap sòti nan legliz misyon an, yo te nan machin avèk pitit yo. Bandi sa yo te pran yo nan yon anbiskad epi mennen yo lakay yo pou yo piye tout sa yo te jwenn nan kay la.

«Davy ak Natalie Lloyd te sibi atak sa a byen bonè epi gwoup gang sa te touye yo nan lannuit mèkredi pou rive jedi nan maten», daprè sa a depite Ameriken an fè konnen se 3 kamyon ki te pran yo nan anbiskad nan zòn lizon.

Anplis, depite a ajoute yo te bat Davy Lloyd epi maltrete l pou l te ka mennen yo nan kay la, malgre li te pran lapriyè akoz sitiyasyon an te dezespere. Li soulinye, li te rele otorite lokal yo men li pa te ka jwenn yo.

N ap raple bandi ak zam ki fè pati gwoup gang 400 mawozo yo te deja kidnape yon Youtoubè Ameriken ak yon Ayisyen nan dat 29 mas ki sot pase la pandan li te vin fè entèvyou ak chèf gang Babekyou. Addison Pierre Maalouf ak kameraman li te jwenn liberasyon yo nan dat 30 mas 2024 la yo menm.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 522
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an te rankontre ak delegasyon Kenyan an ayè jedi a

Next Post

Anbasad Amerikèn an Ayiti swete chwa premye minis lan fèt nan transparans

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Anbasad Amerikèn an Ayiti swete chwa premye minis lan fèt nan transparans

Anbasad Amerikèn an Ayiti swete chwa premye minis lan fèt nan transparans

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,331)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,870)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,965)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,776)

Nouveaux Articles

  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM
  • Trois décennies de service : la PNH saluée pour son engagement face à l’insécurité

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?