Selon yon nòt Federasyon Ayisyen Foutbòl (FHF) la mete deyò jodi 3 mas 2024 la, yo fè tout moun konnen nèg ak zam kidnape yon anplwaye yo, pandan yo pran kontwòl estad Sylvio Cator ak lòt espas ki antoure l yo. Selon sa yo di, estad la sou kontwòl endividi yo depi 29 fevriye ki sot pase la.
“Jan sa ye a, moman vyolans peyi a plwonje ladan l depi yon bon tan an, fè n rive nan yon Faz kote patrimwann sila ap pase anba pye. Alòske, tout mond la rekonèt Foutbòl se espò k ap domine lavi Ayisyen. Youn nan anplwaye FHF yo nan men kidnapè kote lavi l menm menase“, daprè presizyon Federasyon an.
Pi lwen, yo fè konprann pou kounya yo pa vrèman konnen ki kantite dega ki fèt nan estad la. Men, soulinye lè sa posib pou yo a y ap fè yon evalyasyon avèk èd yon jij lapè.
Konsa, Federasyon Ayisyen Foutbòl la kondane avèk tout fòs li aksyon vyolans sa yo ki fèt la, e gentan prevwa pral gen gwo repèkisyon sou Foutbòl lokal la, malgre foutbòl nan peyi a kanpe byen lontan sa. Se pou sa, yo mansyone se gwo jefò yo t ap eseye fè pou sòti tèt yo malgre tout sipò dirijan klèb yo t ap pote avèk yo, nan lide pou yo kontinye ankouraje Lwazi nan peyi a epi pèmèt moun yo rekreye yo akòz estrès epi fasilite reprezantasyon Foutbòl nan konpetisyon konkakaf la.
Paralèman, FHF avèti tout moun pou fè yo konnen se pa yo menm k ap aji, si toutfwa youn nan materyèl li yo oubyen badj youn nan anplwaye li yo ta itilize pou komèt yon zak ilegal nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024