Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Avoka mèsenè kolonbyen yo deklare Dimitri Herard te vle pou yo te sove kite prizon an

Mag Haiti by Mag Haiti
March 4, 2024
in Société
0
Avoka mèsenè kolonbyen yo deklare Dimitri Herard te vle pou yo te sove kite prizon an

Nan lide pou pote presizyon sou videyo kliyan l yo ki te montre yo pa t sove nan gwo evazyon ki te fèt nan penitansye a, Me Nathalie Delisca deklare jodi lendi 4 mas 2024 la, Dimitri Herard se moun ki te fè sa l konnen pou te konseye 17 mèsenè kolonbyen yo pou yo te sove tou. Sepandan, li fè konnen se li k pa t vle pou yo sòti puiske tout kondisyon te reyini pou sa te fèt.

“Videyo nou wè ki viral sou rezo sosyo yo se mwen k te mande fè l pou mwen, nou tande gen yon moun anba anba ki t ap di yo an ale an ale. Se Dimitri Herard chèf USGPN nan palè nasyonal ak kèk polisye USP ki t ap di yo an n sòti”, se deklarasyon defansè kolonbyen yo ki fè konprann nonsèlman yo pa t sòti pou rezon sekirite yo men tou li soulinye 17 sitwayen yo ta bezwen konnen vrè asasen 58yèm prezidan an.

Se sa ki fè, mèt la deklare kliyan l yo te di l”nou menm tou nou entèrese konn kilès ki asasinen prezidan Jovenel “. Yon lòt kote, li presize pou fè tout moun konnen kolonbyen yo te nan menm selil ak Ezéchiel alyas Ze ki jounen jodi a se yon evade. Anplis, li revele pòtay selil la te rete gran louvri, e se moun menm ki te vinn chache yo pou sòti, kidonk selon li menm tout sa yo eksplike posibilite yo te genyen pou pa t rete anndan penitansye nasyonal la yo menm tou.

Yon lòt kote, genyen tou Me Marc Antoine Maisonneuve ki li menm eksprime l pou fè kwè avèk zak sa ki fèt sou prizon an, pwosè nan dosye ansasinay Jovenel Moïse la tou pap fèt ankò.

“Sa k fèt nan prizon an la se zèv gouvènman an. E se yon gwo kado gouvènman an bay puiske si kolonbyen yo te aksepte rale kò yo penitansye se yon gwo sèvis li t ap rann Ariel Henry ak tout ekip sa paske pa t ap gen moun ankò pou al douvan tribinal pou te ka anbarase pye l“, li di tout sa yo paske l estime pa t gen pyès mezi ki te pran pou te fè fas kare ak nèg ak zam yo tandiske se yon bagay yo te anonse depi byen lontan.

N ap raple depi ayè dimanch la, otorite polisyè yo te dedide pran tout 17 mèsenè kolonbyen yo pou ale ak yo nan lokal DCPJ a. Tandiske, rès prizonye yo yo menm ta twouve yo nan ansyen prizon sivil medam yo nan Petyonvil nan sousi pou ba yo plis sekirite.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 899
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Tout prizonye ki te nan prizon Kwadèboukè a sove daprè CADDHO

Next Post

Endividi ak zam atake epi mete dife nan sou komisarya Kafou ayewopò a

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Endividi ak zam atake epi mete dife nan sou komisarya Kafou ayewopò a

Endividi ak zam atake epi mete dife nan sou komisarya Kafou ayewopò a

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,509)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,932)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,066)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,848)

Nouveaux Articles

  • Haiti célèbre la journée mondiale de la fonction publique
  • Avoka Pierre Antoine Borgat tonbe anba bal bandi nan vil Okay
  • Hérold Toussaint appelle à repenser Haïti à travers la pensée sociale du pape François

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?