Menm jan yo te anonse l mwa novanm pase a, yon gwo delegasyon kolonbyen relouvri ofisyèlman konsila peyi Kolonbi nan Jivena, ayè vandredi 15 desanm 2023 a. Selon divès deklarasyon ki te fèt nan seremoni sa aksyon sila se yon senbòl ki pral pèmèt 2 peyi yo makònnen ansanm.
“M koupe fil sa se pou alyans sa ki fèt pou tout bon an e ki te kòmanse depi plizyè lane deja, fwa sa li pa dwe janm kanpe“, se sa minis relasyon kolonbyen an, Álvaro Leyva Durán deklare pandan l fè konnen tou se yon mannyè pou li raple tout moun Alexandre Pétion reprezante liberatè pèp nwa anpi kolonyal yo e tou paske se Ayiti ki te louvri pòt liberasyon pou tout pèp amerik latin yo.
Konsa, li te kontinye pou di “se Ayiti ki te bay Simon Bolivar zam pou te libere pèp sa yo, Bolivar te jwenn epe li a gras ak Ayiti, Miranda tou. Koulè ble ak wouj drapo Kolonbi a ak lòt drapo peyi latino-ameriken yo se sou tè sa menm yo sòti. Fò n pa janm bliye Ayiti te toujou limyè ki bay e ki pote libète”, toujou daprè sa Álvaro Leyva mansyone.
Yon lòt kote, konsil yo a ki se Vilma Velásquez fè konnen ouvèti konsila a se premye misyon prezidan Gustavo Petro te konfye l e li rive akonpli l. Kounya, selon sa l di, rete pou 2 peyi yo travay ansanm pou yon pi bon tèt ansanm sitou nan kesyon politik 2 pati yo puiske delagasyon an te la pou sa tou.
Seremoni ofisyèl sa te fèt an prezans yon pakèt pèsonalite enpòtan tankou chèf BINUH an, Maria Isabel Salvador, reprezantan ameriken Ulrika Richardson, anbasadè peyi Meksik, Daniel Cámera Alvalos, anbasadè Lafrans la, Fabrice Mauries, anbasadè Kanada, André François Giroux, minis zafè etranjè nou an, Jean Victor Généus, konsil Vilma Velásquez, anbasadè kolonbyen ki Sendomeng la, Dario Villamizar elatriye.
N ap soulinye delegasyon kolonbyen an te nan peyi a pou 2 jou sèlman (14 ak 15 desanm). Pandan jou sa yo, yo te kontre ak gouvènman ayisyen an pou te pale politik, anviwonman, sekirite, trafik dwòg ak lòt toujou. Konsa tou jan yo te anonse l la, vis reprezantan pèp yo a, Luis Andrés Fajardo ak yon responsab direksyon imigrasyon te pase wè nan ki kondisyon 17 mèsenè kolonbyen ki ta enplike nan lanmò prezidan Jovenel Moïse la ap viv nan penitansye.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023