Nan dosye kòripsyon ki enplike ansyen senatè Youri Latortue ak tout manman li, jij enstriksyon Marthel Jean Claude deside ayè mèkredi 21 jen an, voye ansyen fonksyonè Leta a devan tribinal kriminèl pou zak detounman byen piblik ak pran enterè ilegal. Konsa, daprè desizyon jij la, li posib pou li ta pran sòti nan 3 pou rive 7 lane prizon, selon sa medya Métronome fè konnen.
Nan rapò ULCC te remèt lajistis la, yo te fè konprann manman ansyen senatè a, Marie Immacula Cantave enplike nan plizyè dosye kòripsyon ladan yo 9 chèk li te rive pran nan trezò piblik la sòti nan lane 2017 pou rive nan 2020, ki vo antou 2 862 472. 24 goud. Nan sans sa, ansyen senatè a ki te pèmèt manman l benefisye privilèj sa yo dwe pase devan lajistis pou reponn kesyon nesesè yo.
Yon lòt bò, aprè Youri Latortue ki riske pran ant 3 ak 7 lane prizon genyen tou ansyen prezidan sena a, Joseph Lambert ki riske pran ant 1 mwa ak 3 zan prizon, epi jij la deside voye l devan tribinal koreksyonèl. Selon sa anketè ULCC yo te bay nan dokiman an yo te di li te kanpe an kwa pou lajistis pa t fè travay li sou dosye sila a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023