Lapolis dominiken anonse jodi jedi 12 oktòb 2023 a, yo arete 23 jèn gason ki gen nasyonalite dominiken pami yo kèk ansyen espòtif jidoka, ki t al mande viza ameriken ak fo papye madi ki sot pase la. Konsa, anbasad ameriken nan Sendomeng ak tout Federasyon dominikèn jido (Fedojudo) depoze yon plent kont 12 nan sitwayen sa yo ki deja nan prizon, selon Listín Diario.
Nan plent ki depoze kont 12 jèn gason sa yo nan tribinal pèmanan atansyon nan distrik nasyonal la, biwo prokirè ameriken an mande pou jij Rigoberto Sena Rosario pran 2 gwo mezi kont akize yo. Youn nan mezi yo se pou yo toujou prezante yo, epi lòt la se entèdi yo kite sòl dominiken an.
Santa Jiménez, Julio Rodríguez, Dilenia Toribio, Julianni Pena, Yeilin Hernández, Edison Rodríguez, Preyinn Payano, Jerinson Fernández, Rafelanyi Pimentel, Starlin Betances, Rosalba Ortiz, Yesenia Hidalgo, se non 12 dominiken sa yo ki ta dwe jwenn sanksyon sa yo, men ki menm jan ak lòt 11 dominiken yo deja nan prizon prevantiv palè Jistis Ciudad Nueva a.
Pou sa ki gen rapò ak fo dokiman yo t al tante mande viza a, responsab yo di yo te gen nan men yo, yon lèt envitasyon Federasyon Pòtorikèn Jido a, plizyè sètifika etidyan Inivèsite Technoloji Santiago (UTESA), ak plizyè lòt sètifika divès Asosiyasyon espòtif Repiblik Dominiken konn bay ki prezante yo kòm atlèt.
Pandantan sa, prezidan Federasyon dominikèn jido (Fedojudo), Gilberto Garcia deklare yo pa gen anyen pou wè ak 23 moun sa yo ki te jwenn arestasyon yo nan anbasad ameriken an, e menm pwomèt pou kolabore pou bay tout enfòmasyon nesesè ak konsila ameriken an pou dosye a ka jere.
Selon sa Garcia di, endividi yo fè yon fason yo refè yon fèy óganizasyon an ki te gen tenb ak tout so sou li, kote yo menm rive imite siyati nimerik li ak pa sekretè jeneral la, Luisa Martínez. Mete sou sa, yo rive refè lèt yon evènman nan peyi Pòtoriko te bay otorizasyon l epi lòt dokiman ki konsène asosiyasyon jido nan pwovens Duarte a.
Credit Photo: Undefined
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023