Atravè yon nòt Inivèsite Teknoloji Dayiti a (UNITECH) mete piblik aprè 2 moun yo te fin kidnape nan perimèt yo a jounen jodi dimanch 26 mas 2023 a, responsab yo mande pou Leta pran responsabilite.
«Nan moman zak kriminèl sa ak mechan epi avilisman sa t ap pwodui, ajan sekirite a te reyaji nan objektif pou l te devye zak la, li te resevwa plizyè bal. Men pou kounya l ap pran swen nan yon Lopital nan kapital la, malgre sitiyasyon sante l vrèman grav», se sa sèvis Kominikasyon inivèsite UNITECH la ekri.
Plizyè lekòl ak inivèsite fèmen pòtay yo pou rezon ensekirite anndan peyi a, patikilyèman nivo kidnapin l an k ap vale teren an.
Toujou selon nòt Inivèsite UNITECH la, li mande pou pouvwa piblik la pran tout mezi ki nesesè pou libere moun yo kidnape a. :
«Li lè l tan pou pouvwa Ariel Henry ap dirije a pran dispozisyon pou li fasilite moun sikile lib ak libè .»
N ap raple fakilte Medsin Inivèsite «Notre dame » te anonse li fèmen pòt li nan dat 22 mas ki sot pase a, akoz fenomenn ensekirite a k ap degrengole, sitou nivo kidnapin yo k ap ogmante nan peyi a.
«Edikasyon patikilyèman menase, danje vrèman gwo nèg epi nasyon vrèman sou wout disparèt» se sa ki ekri nan nòt Inivèsite UNITECH la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023