Aprè yon jounen Foutbòl, peyi Almay elimine nan koupdimonn Kata 2022 a, malgre kokennchenn viktwa li fè sou Kostarika 4-2 jodi premye desanm 2022 a.
Match ki te mete anfas seleksyon Almay anfas seleksyon Kostarika nan gwoup E fini anfavè peyi Manchaf la.
Seleksyon Almay la te make premye gòl li (1-0, 10′) gras avèk Serge Gnabry aprè yon kout tèt. Seleksyon Kostarika pa te pran tan pou li te jwenn egalizasyon li (1-1,58′) aprè kèk minit nan dezyèm mitan an gras avèk Yeltsin Tejeda. Nan kèk minit aprè peyi Kostarika ta pral jwenn avantaj la pou l te make yon lòt gòl ankò (2-1,70′) akoz Manuel Neuer te rantre boul la nan pwòp kan li.
Seleksyon Almay la te vin retounen nan match avèk yon lòt gòl Kai Alvertz te make (2-2,73′), sak te vin pèmèt match la ekilibre. Aprè kèk minit, seleksyon Almay te vin pran avantaj la sou yon double Kai Alvertz (3-2, 85′) gras avèk yon pas Serge Gnabry pou jwè Chelsea a.
Avan 90 minit match la te fini, seleksyon Almay la te rive make yon lòt gòl ankò (4-2,89′) gras avèk Niklas Füllkrug k ap jwe nan Werder Bremen. Match sa fini konsa nan poul E a.
Malgre viktwa sa, seleksyon Almay la elimine akoz Japon bat seleksyon Espay la (2-1), sa ki pèmèt li fini an premye nan poul la epi Lespay okipe 2èm plas. Nan sans sa Almay avèk Kostarika rejwenn Bèljik epi Kanada nan lis peyi ki elimine nan premye tou.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022