Aprè yo te fin pèdi devan ekip Etazini nan premye sòti yo 3-0, ekip Ayiti an pa te nan pase sou kote fas ak Ekip foutbol fanm Meksik lan. Nan match jedi 7 jiyè 2022 nan aswè, seleksyon an te reveye li epi rive bat ekip advès lan 3-0, sa ki mete li pi prè kalifikasyon pou mondyal 2023.
Roselord Borgella nan (14) katòzyèm minit ak Nérilia Mondésir(67) nan swasantsetyèm minit te transfòme de (2) penalite ekip Ayiti an te rive jwenn .
Sherly Jeudi nan 78èm minit avèk yon bèl frap te transfòme yon koufran pou 3èm gòl la aprè yon fot sou Dumornay ki te pouse abit lan mete jwè Meksik lan Greta Espinoza deyò ak yon katon wouj epi bay koufran pou Ayiti .
Yon viktwa ki enpòtan anpil pou ekip la, kote li twouve l kounya nan dezyèm pozisyon nan gwoup A dèyè Etazini.
Ayiti rete sèlman dènye match fas ak Jamayik lan pou li konen si li prale nan koupdimonn Fanm 2023 a.Yon match nil oubyen yon viktwa ap kalifye Ayiti pou konpetisyon sa .
Nan yon ti pale Dumornay te fè avèk Jounalis Federasyon Foutbòl Ayisyen an, ki se youn nan veritab jwè fanm ki te travay anpil pou viktwa sa, li te deklare : “Nou fè yon bon match aswè a, nou pral abòde match Jamayik la avèk menm serye an, sak pi enpotan se ale nan mondyal, kelkeswa jan sa ye nou prale “.
Crédit photo: Haiti-Tempo
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022