Dimanch 3 Jiyè 2022 a, plizyè milye moun nan zonn metwopolitenn Pòtoprens lan, presizeman 2èm ak 3èm sikonskripsyon, òganize yon manifestasyon pou mande liberasyon prezime chèf gang Ezéchiel, aprè lapolis te fin arete l nan dat dimanch 26 jen 2022, nan zonn Plas Jeremi (Kafoufèy).
Mouvman sa te fèt yon lòt fwa ankò yè dimanch lan, kote plizyè moun te foule beton an ak mayo blan ki te gen pou slogan : ” Chak moun gen yon move moman “ZE”, Pèp ou avè w. Nou se Ézéchiel Alexandre”,
pou mande liberasyon li.
Yon patwouy lapolis te mete lapat sou prezime chèf gang Ezéchiel Alexandre dimanch 26 jen an. Yo te jwenn li nan yon machin ansanm ak yon ansyen polisye ki se Junior Claude. Nan demen, kèk zanmi pwòch ak alye li nan baz Pilat te chwazi pwoteste ak simen latwoublay nan Pòtoprens, sitou Chanmas, Ri Kapwa, Pòtay Leyogann, elatriye. Kote anpil katouch te tire epi kawoutchou te boule pou mande liberasyon li.
Prezime chèf gang sa gen divès akizasyon sou do li, tankou: Asosyasyon malfektè, vòl, tantativ asasina, zam ilegal, elatriye.
Lapolis kontinye rete tennfas jiskadat parapò ak arestasyon sa, malgre tout mouvman leve kanpe pou mande liberasyon li.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022