Nan yon atik yo pibliye byen bonè vandredi 20 oktòb 2023 a, New York Times fè konnen gen gwo demach k ap fèt pou lajistis ameriken voye vinn pran Joseph Félix Badio an Ayiti. Se yon desizyon ki pran yon ti tan aprè arestasyon akize a nan Petyonvil ayè jedi a. Selon yon rapò lajistis ayisyen, li ta youn nan sispè kle nan lanmò ansyen Prezidan Jovenel Moïse la.
Kontrèman ak jan sa ye pou 11 moun lajistis ameriken te akize nan lanmò ansyen prezidan an, Joseph Félix Badio li menm pa t gen okenn prokirè ameriken ki te met dosye sou do li. Men, jounen jodi a daprè jounal la avoka kèk nan moun ki nan prizon Etazini yo fè konnen yo sispèk otorite yo deja pare yon dokiman akizasyon pou Badio.
“Avoka kèk akize nan Miami te deklare yo sispèk pwokirè ameriken ta gentan depoze yon dokiman akizasyon ki gentan sele kont Mesye Badio, e avyon ta dwe vinn pran l nan jou yo oubyen nan semèn k ap vini yo“, selon sa New York Times fè konnnen.
Malgre pa t gen okenn akizasyon sou do Badio, jounal la presize gen nan akize yo ki deklare se li k te konn bay lòd nan dosye ansasinay ansyen chèf leta a. Pou kounya, gen 3 akize ki deja plede koupab, 9 lòt yo ta sipoze jije nan lane 2024.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023