Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon (FIFA) anonse jounen jodi jedi 8 jen 2023 a, kantite kòb ki pral depanse nan Mondyal feminen an, ki se 152 milyon dola oswa 141.8 milyon Ewo. Chak jwè pral gen pou resevwa omwen 30 mil dola selon sa medya Haïti Tempo ekri.
«Federasyon Entènasyonal la kenbe pwomès li parapò avèk Foutbòl fanm lan, li konfime jounen jodia li triple Mondyal 2023 a konparativman avèk sa 2019 la, nan yon montan 152 milyon dola oswa 141.8 Ewo, menm 10 fwa pi plis pase edisyon 2015, ki te fèt Kanada a», toujou selon Haïti Tempo.
Sa ki pi enpòtan nan nouvo nòt FIFA, se lajan li pral mete nan anvlòp pou l bay dirèkteman avèk chak jwè nan konpetisyon sila olye se Federasyon chak peyi ki pral distribye li avèk jwè yo. Prim sa yo ka varye ant 30 mil dola ameriken pou rive 270 mil dola, omwen 1.56 milyon dola, ki pral jwenn avèk chak nasyon ki se 32 kalifye yo.
Pou plis detay, jwè fanm ki élimine nan faz poul la pral jwenn 30 mil dola, 60 mil dola ameriken pou 1/8 final, 90 mil dola ameriken pou 1/4 final, 165 mil dola ameriken pou sa ki pèdi ti final la, 180 mil dola ameriken pou sila ki fini 3èm plas, 195 mil pou finalis epi 270 mil dola ameriken pou sila yo ki pral chanpyon mondyal la.
N ap raple chak seleksyon pral genyen 23 jwè fanm, sa ki pral bay an total 736 patisipan nan mondyal ki pral fèt peyi «Nouvelle-Zélande ak Australie», ki pral demare 20 jiyè pou 20 dawout k ap vini la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023