2 bato ki te pran direksyon Ansapit ak Marigo rive koule jounen jodi samdi 3 me 2023 avèk plizyè moun epi machandiz. Non Bato sa yo se «Cadeau de Dieu» ak «Métropole», men ensidan sa pase depi douvan jou selon enfòmasyon ansyen depite Deroneth Deus pataje avèk Mag Haïti.
«Jiskaprezan yo jwenn 16 moun ki vivan toujou avèk yon moun mouri ki se yon jèn gason ki rele Wilner Joseph, ki se moun «côtes de fer», selon avanse Depite Deronneth Deus sou ensidan trajik sa.
Move tan sa rive fè anpil dega nan peyi an, anplis mete dlo nan je popilasyon an. Sila ki te nan bato «Cadeau de Dieu» a te pral jwenn yon lòt bato pote yo sekou. Pandanstan, bato «Métropole» te pral koule avèk tout moun epi machandiz ki te ladan yo a, selon sa depite Deronneth Deus te ajoute.
«Mwen menm Depite Deronneth m kondane SEMANAH ki pa pran responsabilite li nan kite bato yo deplase nan pò yo avèk plis pase sa bato a ka pote, san okenn kontwòl. Bato Métropole koule, yo pa rive jwenn konbyen moun ki te nan bato a», selon ansyen Depite a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023