Jounen mèkredi 15 fevriye 2023 a, 3 prezime asasen di yo pa koupab nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou rive 7 Jiyè 2021, anndan lakay li Pèleren 5. Yo te di sa presizeman nan odyans ki te òganize nan Tribinal Federal Miyami an Florid.
James Solages, Christian Sanon ak German Rivera se non 3 prezime koupab nan lanmò prezidan Jovenel Moïse ki deside di yo pa koupab. Yon katriyèm akize ki rele Joseph Vincent ki genyen 57 lane pat plede paske avoka l pat la.
4 akize sa yo te kite prizon Ayiti pou ale nan prizon Etazini sa genyen 2 semèn pou yo te ka al reponn kesyon lajistis. Yo akize kòm moun ki planifye yon kidnapping oubyen yon asasina nan yon lòt peyi, toujou nan kad dosye lanmò Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021.
Lajistis nan peyi ameriken di James Solages, German Rivera ak Joseph Vincent te prezan bò lakay ansyen prezidan an nan dat 6 jiyè 2021 kote yo t al distribye zam.
Nan menm dosye asasina Jovenel Moïse la, FBI arete 4 moun yè madi 14 fevriye a. 4 moun sa yo akize poutèt yo ta planifye epi bay lajan pou lanmò prezidan an. Pami moun sa yo genyen Antonio Intriago kise pwopriyetè CTU Security.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post