Nan yon rapò yo sòti vandredi 24 me 2024 la, Biwo Kowòdinasyon Zafè Imanitè Nasyonzini an(OCHA) fè konnen gen prèske 200 000 ti moun an Ayiti ki pa kapab pran chemen lekòl. Selon yo menm, sitiyasyon sa a plis frape ti moun ki nan Pòtoprens ak lòt ki nan depatman Latibonit yo.
«Edikasyon prèske yon milye ti moun nan kapital la ak nan Latibonit menase avèk 900 lekòl ki fèmen espesyalman pou ensekirite a ki pa janm sispann», se sa yo di nan rapò sa a ki mansyone akoz menm sitiyasyon sa a gen 4000 pwofesè ki oblije yo menm tou pa kapab al fè lekòl.
Poutan, OCHA eksplike se nan moman sa yo menm ta dwe gen lekòl pou fòme timoun yo pou yon demen miyò. Se sa k fè yo deklare: «san jwenn aksè pou edikasyon, jenerasyon ti moun k ap viv nan zòn vyolans yo gen gwo chans pou yo grandi san yo pa gen konpetans yo dwe genyen pou kontribye nan yon avni ki bon epi nan devlopman sosyal ak ekonomik peyi a».
Chif òganizasyon ameriken yo fè kwè sou 85 sant refijye ki gen nan Pòtoprens la, 35 ladan yo se lekòl. Sa ki vle di, anplis timoun nan kan refijye yo ki pa kapab ale lekòl men tou gen kèk enstitisyon ki pa kapab resevwa elèv akòz yo tounen abri pou moun k ap kouri pou gang.
Fòk nou di, malgre tout kote negatif sa yo Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Profesyonèl (MENFP) te pran desizyon kanmenm pou òganize egzamen leta pou elèv 9èm ane ak segondè 4. Ti moun sa yo ki pa t kapab ale lekòl akoz vyolans la ap oblije al konpoze aprè yo fin suiv kou anliy nan pwogram konpansasyon aprantisaj ministè a mete sou pye a. Tout sa a se toujou nan objektif pou tante sove ane akademik 2023-2024 la.
Nan sans sa a, responsab edikasyon yo nan peyi a fè konprann yo ta deja pran tout dispozisyon pou òganize egzamen leta yo pou zòn ki gen difikilte tankou kèk komin nan depatman Lwès la ak nan Latibonit. N ap raple, egzamen leta pou klas 9èm ane fondamantal yo a ap kòmanse 22 pou rive 24 jiyè 2024, pou lekòl Nòmal Enstititè l ap fèt nan dat 22 pou rive 26 jiyè 2024. Tandiske, sòti 22 pou rive 26 jiyè se ap egzamen pou Sant Edikasyon Familyal epi bakaloreya li menm ap gen pou l fèt 5 pou rive 8 dawout 2024 la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024