Ayè Jedi 25 Dawout 2022, bandi moun pa te rive idantifye touye 2 moun ak blese 3 lòt nan lokalite monn wouj, presizeman wout Nasyonal # 1, selon medya anliy Vibe- Okap.
Bandi nan lokalite sa te asasinen 2 moun ak blese 3 lòt, youn nan sila ki mouri yo se Pierre Berhome ki idantifye kòm sòlda Lame Dayiti epi Succès Petit se non lòt ki te tonbe anba men malfra sa yo, toujou selon enfòmasyon medya sa.
Pandanstan, 3 lòt moun yo te jwenn chans al pran swen an ijans sou kabann Lopital. Anviwon 5 moun sa yo te anndan yon machin (Nissan Xterra ). Yo t ap sòti nan sant vil Okap pou antre nan yon otèl ki twouve l nan seksyon kominal monn wouj, presizeman komin plenn Dinò, selon pawòl kèk temwen nan lokalite a.
Aprè konsta legal yo, jij Jean Dario nan tribinal lapè ta pral bay lòd, anndan plenn Dinò pou yo mete sila sa yo nan mòg.
Pandanstan, Lapolis gen pou devwa mennen ankèt pou li idantifye otè krim sa, yon fason pou li pini yo selon lalwa nan lokalite monn wouj.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022