Ti rès senatè ki rete nan palman an, pwopoze epi vote yon rezolisyon ayè dimanch 9 oktòb 2022 a. Nan dokiman rezolisyon sila a, senatè yo mande premye minis Ariel Henry retounen sou desizyon li menm ak konsèy minis lan te pran vandredi 7 oktòb pase a, kite yo mande fòs etranjè pile sòl ayisyen an.
Aprè konsèy minis lan ki gen nan tèt li premye minis Ariel Henry te finn siyen pou bay akò yo ak fòs etranjè pou vin mennen bak peyi a, ti rès Sena a li menm pa rete men kwaze fas ak desizyon sa yo kalifye “ki pa bon pou pyès moun sitou nan sikonstans n ap viv la“, se sa yo estime nan dokiman rezolisyon yo pwopoze a ki gen ladan li 6 atik.
Nan yon premye tan, dokiman rezolisyon senatè yo mande premye minis lan pase kwa sou egzekisyon rezolisyon li menm ak konsèy minis li a te pran vandredi 7 oktòb pase a. Nan dokiman sila a, senatè yo kontinye pou mande chak aktè politik, ekonomik epi sosyal pou adopte yon konsansis prese-prese k ap penmèt peyi a sòti nan kriz li ye la.
Nan yon lòtbò senatè yo pwopoze tou, pou pwotektè sitwayen yo chèche jwenn sipò sila k ap travay nan sektè dwa moun yo. Nan sans sa, “gaz la ap jwenn wout k ap fèt pou garanti li sòti nan tèminal yo“, daprè sa dokiman rezolisyon an fè konnen nan atik 3 dokiman an.
Sou menm dosye kriz gaz la, senatè yo mande chèf gouvèneman an bay yon dat limit pou aplikasyon nouvo pri gaz la nan ponp yo. Lè sa a, senatè yo panse desizyon sa a ap soulaje sila ki pi mal yo ak sa a men yo paka rive lwen yo.
10 senatè sa yo anonse rezolisyon yo a ap rive jwenn pouvwa egzekitif la epi pibliye nan jounal ofisyèl peyi a “Le Moniteur”, nan yon tan tou kout. Pou sa ki gen pou wè ak koze jistis “yon kopi rezolisyon an ap transmèt bay Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) epi kou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif (CSC/CA)”, daprè sa menm dokiman an fè konnen nan 2 dènye atik li yo.
Men lis senatè ki pwopoze ak vote pou rezolisyon sa a: prezidan Sena a, Joseph Lambert senatè depatman Sidès, Garcia Delva senatè depatman Latibonit, Denis Cadeau senatè depatman Nip, Paul Patrice Dumont senatè depatman Lwès, Jean Rigeau Bélisaire senatè depatman Grandans, Rony Célestin senatè depatman Sant, Wanique Pierre senatè depatman Nodès, Jean Marie Ralph Fethière senatè depatman Nò epi Pierre François Sildor senatè depatman Sid.
N ap raple dokiman rezolisyon sa pwopoze epi vote nan kad pou anpeche premye minis lan pèmèt fòs etranje pile sòl ayisyen an. Dezisyon sa yo pran tou, nan konsiderasyon Sena a fè sou yon dividal atik nan konstitisyon 1987 la, nan dokiman règleman andan Sena a, nan dispozisyon akò 11 septanm 2021 an, pou peryòd tranzisyon an, ak nan atik 200 konstitisyon an ki bay kou siperyè dèkont ak kontansye administratif la, dwa pou jije tout zak administrasyon piblik la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022