Daprè anpil espesyalis, maladi glomerilonefrit egi(GNS) a se yon maladi ki atake ren timoun piti. Yo fè konnen, lè maladi sa antre nan kò viktim yo li fè tout kò yo anfle, yo gen san nan pipi yo, andomaje kèk zòn enpòtan nan pati renan epi tansyon timoun nan ka rive nan yon nivo l monte disèt wotè.
Pandan jou ki pase yo, Direksyon Epistemoloji Laboratwa yo ak Rechèch(DELR) yon branch nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an(MSPP), te sòti yon nòt pou l enfòme tout direktè depatmantal yo epi fè yo konnen maladi GNS la nan peyi a depi mwa mas pase a. Daprè sa yo te mansyone, yo gentan jwenn plizyè ka konsa e menm genyen ki entène nan divès lopital nan peyi a.
“Direksyon an resevwa alèt ki gen pou wè ak ka glomerilonefrit egi lakay timoun ki gen pi piti pase 18 lane ki entène nan divès enstitisyon tankou Lopital Inivèsitè Lapè, lopital Bernard Mevs, lopital Sen Nikola nan Sen Mak, lopital kafou, fwaye Sent-Kami, lopital Paraklè nan Gonayiv, ak lopital Wesleyèn nan lagonav“, se sa yo te anonse nan nòt sila a.
Yon lòt bò, doktè Kerry Norbrun te li menm tou tanmen avèti moun yo sou rezo sosyo yo e te diskite ak Mag Haïti sou danje maladi sa reprezante pou timoun yo. Li te tou pwofite mande paran yo pou siveye timoun yo plis pou evite yo pataje bagay manje ak lòt timoun parèy yo.
“Paran yo dwe pridan anpil nan jou yo, pa kite pitit nou bwè nan menm gode ak lòt timoun lè yo lekòl, ni pataje menm kiyè, ak menm asyèt pou manje ak lòt timoun pou evite pataj saliv“, selon sa medsen an te di nan yon mesaj li te ekri sou paj Fesbouk li dimanch ki te 14 me 2023 a.
Nan sa ki gen pou wè ak kòman GNS la manifeste kay timoun yo, medsen an fè nou konnen, yon timoun ki ta trape maladi sa ap gen yon jèm yo rele steptokòk Tip A ki atake gòj li, l ap gen fyèv, ti bouton woz ki leve sou po li, epi tout kò l ap anfle. Konsa tou, doktè Norbrun fè konprann sentom yo depann nan ki nivo maladi a gentan pwopaje nan ren timoun nan.
Paralèlman, medsen an soulinye si sa rive timoun sa pa trete konsekans yo ap grav pou li. Li te kontinye pou l di, nan pipi yo viktim nan pral pèdi anpil pwoteyin, sa ki pi devan pral fè l paka kenbe pipi. Si tout fwa GNS la rive nan faz kwonik, sa ta tou vle di timoun nan fè ensifizans renal ki pral voye l nan dyaliz paske ren an ap pèdi tout kapasite l.
“Maladi a atake espesyalman glomeril la ki se yon eleman ki konpoze sa nou rele nefwon ki se yon bann inite ki pèmèt ren an fonksyone, se li ki filtre san nan kò nou, si glomeril la andomaje konsekans yo se yon bann eleman tankou pwoteyin ki pral pase nan pipi a. Lè w pèdi twòp pwoteyin ou pral pèdi kapasite pou jere dlo nan kò w, si trètman an pa fèt timoun sa ap fè ensifizans renal”, daprè sa l eksplike.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023