Nan yon kominike ki sòti ayè premye jen 2023 a, direksyon jeneral migrasyon Dominiken voye tounen 21 588 etranje ki san papye pandan mwa me a. Ladan yo genyen 19 895 Ayisyen selon sa jounal Diaro Libre fè konnen.
Toujou selon Diaro libre :
«Direksyon jeneral migrasyon Dominiken mansyone polis yo arete 18 Venezyelen, 6 Italien, 1 Kamewounè epi 19895 Ayisyen pandan mwa me a, akoz yo paka prezante pyès legal yo.»
Divès etranje ki nan sitiyasyon migrasyon iregilye sa yo te transfere nan sant Retansyon direksyon jeneral migrasyon an. Yo te kesyone yo epi voye yo retounen nan peyi lakay yo.
Zak voye tounen divès etranje sa yo ki pa regilye nan peyi Repiblik Dominikèn nan te pral mennen avèk divès enstitisyon, tankou : lamarin Dominiken, lame, lapolis nasyonal epi lòt ajan sekirite nan Leta a.
Credit Photo: Dominican Today
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023