Responsab Radyo Tele Limyè anonse jodi samedi 6 me a, nèg ak zam touye youn nan animatè l yo, Paul D. Jean Marie. Daprè sa yo di, se anndan lakay li endividi yo antre pou fè zak sila.
“Bandi nan Onavil antre yèswa lakay Paul D Jean Marie epi yo etenn souf li. Nou pap tande vwa gwo gason sa ankò“, se sa responsab yo an kolaborasyon ak Sony Lamarre fè konnen nan yon mesaj yo ekri sou kont Fesbouk yo.
Viktim nan te konn anime emisyon” Une voix dans la nuit” nan Radyo a, e li te youn nan sipòte yo tou, toujou selon sa yo fè konprann.
N ap raple sòti janvye rive mwa avril pase a, te deja genyen 9 travayè laprès endividi ak zam touye selon sa yon rapò Fondasyon Je Klere(FJKL) te sòti nan kòmansman mwa me 2023 a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023