Biwo Suivi Akò Montana( BSA) te sòti yon nòt Ayè dimanch 25 septanm lan pou denonse yon dokiman ki vle kreye yon wo konsèy tranzisyon. Daprè BSA dokiman sa se manèv «Bureau Integré des Nations Unies en Haïti(BINUH)» ak yon manm nan «Volontariat pour le developpement d’Haïti(VDH)».
Daprè Biwo Suivi Akò 30 dawout la, dokiman sila ki pote non ” Consensus National pour une gouvernance Participative et des Elections Inclusives” gen pou objektif ranfòse pouvwa premye minis Ariel Henry a epi maspinen tout revandikasyon pèp Ayisyen an.
‘’Dokiman sa vle kreye yon piwo konsèy tranzisyon ki pral ranfòse pouvwa yon sèl tèt la ak Antidemokratik, ilegal, antikonstitisyonèl premye minis anplas la ki gen ladan li Ariel Henry nan lide pou li toufe tout revandikasyon popilasyon an pou yon tranzisyon koupe fache ak bon volonte, senserite, entegrite, nan sans patriyotik, yon konsansis nasyonal posib. Kont tout entrig manèv, enfiltrasyon, negosye ak kèk grenn moun anndan Montana a. Se fo konsansis k ap agrave enstabilite peyi a“. Deklarasyon nou ka li nan nòt BSA a.
Biwo Suivi Akò Montana a fè konnen dokiman ki valide pou li a rele : “Elements pour un elargissement du consensus politique Montana-Pen, Modifié-GREY vers un consensus politique Nationale entre les acteurs politiques, Economiques et sociaux.”
Anplis, BSA enfòme tout moun oubyen òganizasyon ki ta fè pati Akò Montana a ki vle siyen lòt dokiman an fè li nan non pèsonèl yo, men pa itilize non Akò Montana a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022