Nan dat premye Jiyè 2022, Lapolis te rive sezi anviwon 120000 katouch ak lòt ankò, pi presizeman nan JJ CARGO SHIPPING LINES. Selon sous Wilgens Devilas.
Lapolis Nòdwès ak Brigad siveyans ladwann sou waf Pòdpè ak Lakay Eddy Lafrance te rive jwenn : 120000 katouch nan 157 kès epi ki te distribye apati 114000 katouch 5.56 ki nan 151 kès, 2000 katouch 9mm ki nan 2 kès, 4000 katouch 7.62 ki nan 4 kès, 2 pistotè 9mm, 1 revolvè kalib 38, 30 chajè AK-47, 20 fouwo AK-47, 3890 dola Ameriken, 814343 goud, elatriye.
Selon Lapolis, zam ak minisyon ilegal sa yo sòti nan eta Floride, peyi Etazini. Kote yo rantre abò yon bato ki gen pou non MISS LILI.
Anplis, Lapolis te rive arete Fritz Jean Relus, Yon prezime konplis sou lòd komisè gouvènman Pòdpè, Mèt Michelet Virgile. Aprè fouy ki te fèt kay Edy Lafrance ki te deja resevwa 7 nan kès katouch yo ak yon dwoum ki poko rekipre.
Lapolis mete avi rechèch dèyè 3 moun kòm sispèk nan kad dosye sa ki se Marie Guirlène Estimable ak Wilfrid Estimable ki se 2 Moun ki nan trafik zam ak minisyon ant Etazini ak Ayiti. Youn sd enpòtatè epi lòt la se kspòtatè. 3èm moun nan se Edy Lafrance k ap antrepoze ak distribye zam ilegal sa yo. Kòm konsekans, Lapolis gen lòt disposisyon ki pral pran kont JJ CARGO SHIPPING LINES ki te aksepte pran responsabilite pou transpòte zam ak minisyon ilegal sa yo.
Lapolis nan Nòdwès bat gwo bravo pou bon jan kolaborasyon ki te genyen ak enstitisyon ladwann nan kad dosye sa. Paske, Lapolis detèmine nan batay kont tout zak kriminèl ak otè yo, sitou sila k ap vann zam ak minisyon ilegal yo pou simen dlo nan je nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022