Pòtoprens, jou ki te 26 jen 2022 a._ Nan jou sa yo anpil mafya ki t ap fè laviwonn pouvwa PHTK a kòmanse mete grif yo deyò, mesyedam yo kòmanse montre ak klè yo alèz nan sitiyasyon koripsyon ak kidnapin nan. Anpil kalkil ap fèt, anpil kout dòmino ap jwe pasi pala pou fèmen jwèt la pirèd pase jan sa ye la, pandan pèp la ap viv nan yon mizè ki pa janm fini epi mele ak yon ensekirite byen planifye.
Dènye jou sa yo, Premye Minis defakto a Ariel Henry, panse li se sèl Wa pandan li pa gen okenn lejitimite popilè ni okenn kontra ni yon antant lajman laj vre ki pou ta kenbe l sou pouvwa a. Gras ak sipò kèk grenn senk (5 ) ki te fè pati opozisyon an, doktè a rive pase 11 mwa nan tèt primati a san okenn kontwòl, paske rejim PHTK a te gentan mete a kote enstitisyon ki te ka voye je yo, tankou: Palman an, Koudèkont ak ULCC, elatriye.
Jodia tout tiyo koripsyon yo ouvè byen laj ak men lajè nan finansye gang pou teworize pèp la epi finansye mafya k ap prepare eleksyon.
Nou sezi wè Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP) sòti nòt pou laprès nan jou ki te 19 jen 2022 ki sot pase la, pou li fè konnen gouvènman defakto a twò fèb pou li retire peyi a nan sa li ye a jodia epi mande pou respekte akò 21 septanm 2021 an. Ou kwè se Bout André ki mete konparyèl li nan tèt ministè planifikasyon ki se youn nan zouti enpòtan pou machinn koripsyon an? Ou kwè ansyen opozan yo boure bwat leta ak militan?
Men ala kote mèsenè politik yo san respè pou moun! Ala kote moun sa yo ki rele tèt yo politisyen san moral papa! Jodia nou vle jwe nan tèt pèp la, nou vle fè divèsyon epi lave men nou tankou Pons Pilat nan sa k ap pase nan peyi a.
Jan bout André te di li a ekip SDP a ap mennen 4 – 0 sou lavi chè a, sou ensekirite, sou kidnapin, sou koripsyon ak gagòt. Pèp la bat bravo pou nou, paske nou reyisi kraze plat atè eritaj papa Desalin lan. Akoz alyans nou fè ak pouvwa sanginè PHTK a tout ti rès jenn gason ak jenn ki te rete nan peyi oblije al nan kache nan Sendomeng.
Aprè tantativ manipilasyon Madanm Lalim te fè, lè li te pwopoze ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide pou pran tèt yon gouvènman trazisyon pou sove Ayiti, wikenn sa nou remake se premye minis defakto Ariel Henry ki sot vizite ti pè a lakay li nan kominn Taba pou fè lapati mache. Nou konprann jwèt ti granmoun lan, nou konnen li pa mèt tèt li. Dayè li pa gen manda ni lejitimite, ni vizyon pou pote yon solisyon, ni lidèchip pou òganize eleksyon.
Fanatik Lavalas yo mande awoyo sou rezo sosyal yo, tankou sèl opsyon ki ret sou tab la se bay Aristide desten peyi a ankò. Men nou sanble manje manje bliye! Ala memwa yon ti pèp kout papa! Nou bliye si Aristide fè pati de problèm lan, nou bliye si li se youn nan ansyen dirije ki kòmanse simaye zam nan katye popilè yo ki vinn akouche ak fenomenn gang sa. Nou bliye kijan rejim Lavalas la te konn vyole dwa moun jan li vle? Èske nou bliye masak ki te fèt nan vil Senmak la? Èske nou gentan bliye fenomenn chimè a?
Jou dimanch ki te 26 jen 2022 an ansyen prezidan Jovenel Moise ta sipoze fete 54 lane sou tè a, men 7 jiyè ki sot pase a la mafya te deside antre lakay epi voye l nan peyi san chapo. Se vre nou pa te janm dakò ak jan nèg bannann lan t ap dirije peyi a, nou te toujou ap denonse koripsyon ak zak asasina rejim li an epi move pratik diktati li yo. Men, nou pa te janm aplodi zak asasinay sou pèsonn, sitou sou yon prezidan an fonksyon.
11 mwa aprè zak asasinay prezidan Jovenel la, anyen pa chanje nan peyi a okontrè nou ka di sa vin pi mal. Si yon prezidan paka jwenn jistis aprè tout tan sa a, sa nou pral di pou Antoine Duclaire, Diego Charles, Néhémie Joseph, Monferrier Dorval ak tout lòt moun k ap tonbe anba bal bandi chak jou.
Jan mizik Boukman Eksperyans lan di: se mafya k ap dirije! Pèp la pa gen pou li chwazi an Chimè, bandi oubyen bandi legal!
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022