Nan kad yon entèvansyon kèk ajan siveyan ladwàn ak ajan gad sivil nan peyi Espay te fè samdi pase a, yo fè konnen ayè madi 5 desanm 2023 a, yo te rive sezi 530 kilo kokayin nan ayewopò Adolpho Súarez Madrid-Barajas. Selon Agencia Tributaria, dwòg sa te sòti Repiblik Dominikèn e yo jwenn li te kache pami 38 kès zaboka.
“Nou rive jwenn 530 kilo kokayin ki t ap vwayaje pami yon bann machandiz byen fre ki sòti Repiblik Dominikèn, dwòg sa te kache byen fon”, se sa ajans fiskal espanyòl la fè kwè. Selon lòt detay ki bay yo, otorite yo di konsa machandiz la te gen 3 pakèt ki gen 38 kès zaboka ki peze 2 268 kilo. E nan chak kès sa yo, yo mansyone yo jwenn yon sachè dwòg nan yo chak.
Yon lòt kote, jounal Dominican Today soulinye trafikan dwòg yo itilize metòd sa yo bay non “Machandiz ki pèdi” yon fason pou toujou twouble vijilans otorite yo nan peyi Espay. Se nan konsa tou, yo di yo eseye fè anpil dwòg pase nan ayewopò yo a, pandan yo itilize gwo antrepriz ki legal e ki enpòte/ekspòte machandiz (legal) pou fè sa pi byen. Nan menm sans la, yo fè konprann depi dwòg la sòti nan lòt peyi konsa, moun sa yo tou gen yon rezo ki byen monte pou vinn pran l.
N ap soulinye 21 oktòb 2023 a, ansyen prezidan dominiken Leonel Fernández te deklare Sendomeng vinn tounen peyi kote dwòg chita menm. Yon deklarasyon ki fèt tousuit aprè 4 ekspè Òganizasyon Nasyonzini (ONU) yo te klase Repiblik Dominikèn kòm youn nan peyi ki nan fè trafik dwòg ak zam nan Karayib la. Konsa, Selon rapò Direksyon Nasyonal Kontwòl Dwòg(DNCD) dominiken se 103 533,47 kg dwòg yo jwenn sòti 16 dawout 2020 pou rive 20 oktòb 2023, sou gouvènman Luis Abinader la.
Autor de la Photo: Guardia Civil Me Interior y SVA Aduanas Agencia Tributaria
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023