Nan kad rapò kèk espesyalis Nasyonzini fè sòti mèkredi 18 oktòb 2023 a, yo fè konnen ansyen Palmantè Youri Latortue ak Profane Victor se 2 pèsonalite ki rive tabli ensekirite nan depatman Latibonit. Selon rapò a sòti 2016 pou rive 2020, 2 ansyen fonksyonè Leta sa yo te mache bay ti jèn gason zam nan tout rejyon Latibonit la, epi te pwofite bay gang zam, lajan, ak bal.
Nan sa ki konsène Profane Victor ki se ansyen depite ti Rivyè Latibonit, ekspè yo di konsa, li te kòmanse bay plizyè jèn gason zam nan lane 2016, jèn sa yo ki ta pral vinn fòme gwoup gang Gran Grif la. Yo fè konprann, li te fè sa se nan objektif pou te asire eleksyon l epi gen kontwòl rejyon Latibonit la.
“Mesye Victor te kontinye soutni gang Gran Grif la jous pou rive nan lane 2020, yon lè deblozay te vinn pete ant li menm ak gang yo aprè l te finn pa respekte kèk pwomès li te fè pandan peryòd elektoral li, depi lè sa li te tou lage nan soutni lòt kò gang ki anfas Gran Grif ak kèk group otodefans nan rejyon an“, toujou daprè sa espesyalis yo soulinye.
Nan bò pa ansyen Prezidan sena a, Youri Latortue, yo fè konnen se yon pèsonalite ki gen gwo kontwòl sou aktivite politik ak ekonomik nan depatman an. Nan sa ki konsène enplikasyon l nan ensekirite a, yo lonje dwèt sou li kòm moun ki konn bay plizyè gwoup gang lajan ak zam pami yo nou ka site gwoup gang Raboto, ak Kokorat San Ras.
“Mesye Latortue te al chache sipò gang yo pou asire sekirite l epi kraze byen moun“, se sa ki mansyone nan rapò sila ki eksplike tou nan yon videyo yo genyen, chèf gang G9 an Fanmi e alye a, Babekyou te deklare Youri Latortue te ba li 30 000 dola vèt.
Pou kounya, ekspè onizyen yo fè konprann gen plizyè lòt tèt nan sektè ekonomik, ak politik la ki enplike swa nan kreye group bandi nan peyi a osnon nan finanse yo. Nan sans sa, yo anonse pa twò lontan non sa yo ap gen pou pran lari paske yo pwomèt y ap mennen plis ankèt sou dosye sa toujou.
N ap raple rapò sa ekri se nan kad rezolisyon 2653 peyi Etazini ak Meksik te ekri, e ki te rive vote nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an nan mwa oktòb 2022 a. Se yon rezolisyon ki gen 2 pati ladan l youn vize sanksyone tout gang, aktè politik ak ekonomik ki enplike nan sitiyasyon vyolans gang yo nan peyi a, alòske lòt pati a chita kò l sou deplwaman yon fòs militè etranjè sou sòl ayisyen.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023