Jan fanmi Mickael Benjamin te anonse li depi kèk jou sou rezo sosyo yo, ayè dimanch 6 novanm 2022 a, nan Miramar(Florid)se te yon gwo selebrasyon nan memwa Mikaben. Atis la ki te mouri samdi ki te 15 oktòb 2022 a, nan konsè gwoup «Carimi Nation» te òganize nan «Accor Arena», nan peyi lafrans, ayè li te jwenn yon bèl omaj nan lakou Florid.
Yon vaz nwa kouwone ak foula wouj epi ble, sann kò Mickael Benjamin te ekspoze nan Sant Kiltirèl Miramar. Postè foto atis la te rete akwoche nan tout rakwen sant lan, se nan menm anbyans sa tou madan Mikaben, Vanessa Fanfan Benjamin ta pral rakonte istwa ki te vin mennen yo a 2 lane maryaj.
“Se yon gwo kou pou fanmi m avèk mwen, li te toujou kontan, li te konn ap souri, li te toujou konn ap fè blag. M ta vle di tou m gen nan plan m pou m fè yon fondasyon nan non Mikaben, mwen ta vle tou pou tout pwojè l yo kontinye, paske li te gen yon latriye pwojè”, se deklarasyon premye pitit Mika, Gaby Benjamin.
Seremoni omaj sa pa te sèlman rasanble fanmi atis la, men kominote Ayisyen an, minis kilti ak kominikasyon an, Emmelie Prophète Milcé ak plizyè atis nan endistri mizik Ayisyen an te prezan, tankou : Michael Guirand, Tjoe Zenny, Darline Desca, Roody Roodboy, Belo, Izolan, Richard Cavé, Olivier Duret, Dug-G pou n site sa yo selman. Pandan menm seremoni sa a, atis yo te mete ansanm pou entèprete “Ayiti se” tit yo ta pral modifye pandan lannuit sa an “Mikaben se”. Atis yo te entèprete tou “Tout glwa se pou ou” ki se youn nan dènye projè Mika pa te ko pibliye.
Pandantan sa, Lionel Benjamin alyas “ton nwèl Ayisyen” yo anonse nan diskou sikonstans lan, 32yèm mizik nwèl li an kolaborasyon ak defen pitit li ap sòti nan bout ane a, san l pa presise tit nouvo mizik sila a.
N ap raple plizyè atis ak plizyè zòn nan peyi Dayiti ak lòtbò dlo te pran inisyativ pou rann omaj ak gwo patriyòt sa a. Leyogann, Pòdpè, Ti Gwav, Pui Blen, tankou atis pent, chantè, ekriven tout te rann omaj nan fason pa yo oswa òganize bèl sware, fè pòtrè oubyen pwodwi akwostich. Anviwon 21 lane ap preche lanmou li pou peyi l, yon lòt randevou kase an Ayiti pou yon dènye selebrasyon kote sann kò Mikaben ap ekspoze epi rete makonnen nan tè sa a, jan fanmi Benjamin te anonse sa.
Photo: Le Nouvelleliste
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022