Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Otorite nan Wanament yo deside louvri fwontyè Ayiti a pou jodi a ak mèkredi k ap vini an

Mag Haiti by Mag Haiti
November 5, 2023
in Société
0
Otorite nan Wanament yo deside louvri fwontyè Ayiti a pou jodi a ak mèkredi k ap vini an

Nan lide pou pèmèt machann yo ak chofè kamyon yo al pran machandiz yo genyen nan lòt bò zile a, delege depatmantal Nòdès la, Moïse Charles Pierre te anonse ayè vandredi 3 novanm nan y ap louvri fwontyè nan bò Ayiti a jodi samdi 4 novanm nan ak mèkredi k ap 8 novanm 2023 a, selon sa jounal Le Nouvelliste rapòte.

Desizyon sila pran se aprè te gen yon reyinyon ant otorite lokal yo ak otorite dominikèn yo nan Wanament ayè vandredi a. Nan reyinyon sa a, responsab 2 peyi yo te rive mete yo dakò pou entreprenè ak machann ayisyen yo al pran machandiz yo genyen Sendomeng.

Daprè sa responsab ayisyen an di, 2 dat sa yo se pa tout moun k ap ka deside al pran machandiz. Li presize jodi samdi a se pou mèt oubyen chofè kamyon yo tandiske mèkredi k ap 8 novanm nan se ap pou komèsan yo, pandantan sa li fè konnen se sèlman kategori moun sa yo k ap gen aksè ak fwontyè a nan dat nou sot site la yo.

“Yon lòt fwa ankò nou bay entreprenè ak komèsan ayisyen yo 2 jou pou al chache machandiz yo genyen ki nan depo mache binasyonal Dajabón nan an Repiblik Dominikèn“, se sa delege depatmantal Nòdès la te fè konnen ayè vandredi aprè reyinyon an te finn fèt.

Yon lòt bò, vis delege depatmantal Nòdès la, Harold Joseph li menm li fè konnen jodi a nan mikwo laprès ayisyèn, jounalis dominiken yo t ap tante chache rezon ki fè Ayiti pa janm deside louvri fwontyè a toutbon pou ta gen bon jan echanj komèsyal ant 2 peyi yo. Nan sans sa, li fè konprann li te reponn yon fason pou fè yo konnen menm jan Sendomeng se yon peyi, se konsa tou Ayiti se yon peyi tou ki gen yon pakèt lwa ak règleman, epi gen diyite l pou fè kèlkeswa moun ki vle derespekte l la respekte l nòmalman.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 403
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Clap de fin pour Harmonik et Sanders Solon, après 15 années de musique

Next Post

Lapolis arete endividi ki ta responsab atak bandi ak zam te fè nan zòn Sodo a

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Lapolis arete endividi ki ta responsab atak bandi ak zam te fè nan zòn Sodo a

Lapolis arete endividi ki ta responsab atak bandi ak zam te fè nan zòn Sodo a

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,974)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,790)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,848)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,678)

Nouveaux Articles

  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo
  • Joé Dwèt Filé : Une performance exceptionnelle aux Flammes 2025
  • Yon majistra dominiken imilye plizyè timoun ayisyen avan depòtasyon yo an Ayiti

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?