Jounen Jodi Madi 6 Septanm 2022 a, yon gwo manifestasyon ki te genyen plizyè santenn moun nan vil Ench pou denonse tout vye zak ensekirite ak lavi chè, anplis poutèt pa gen gaz pou moun yo fonksyone nan vil la.
Depi nan maten, plizyè zonn te bloke akoz kawoutchou ki t ap boule, sa ki te lakoz tout aktivite moun yo te kanpe, anplis divès antrepriz, tankou bank yo te obliyje fèmen pòt yo.
“Sitwayen Angaje nan plato santral di non ak ensekirite, non ak kidnaping, non ak lavi chè, non ak kriz gaz pwovoke sa” mesaj nou te li nan youn nan pankat yon manifestan te kenbe.
Rive yon moman nan manifestasyon an, plizyè manifestan t ap plede tire wòch. Polisye ki tap kouvri li yo te oblije bay anpil gaz lakrimojenn pou kalme foul la.
Daprè tout enfòmasyon pa gen moun ki mouri, men gen kèk moun ki blese nan manifestasyon an. Pami yo, genyen anviwon 2 moun ki pran bal.
Manifestan yo anonse y ap pran lari Vandredi k ap vini la ankò, paske yo pa kapab ak sa k ap pase anndan peyi a, sitiyasyon an malouk pou majorite moun nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya 2022.